SEMINÈ FOMASYON ANIMATÈ AYISYEN MICIVIH

GID ANIMATE

KABINÈ KONSILTAN FERNANDÈZ AK ASOSYE (CCFA)

OKTOB 1995

2

I- PREZANTASYON KEK TEKNIK ANIMASYON

II- KONSTITISYON MAS 1987

Eleksyon

Sosyete Sivil / Asosyasyon

III- SISTÈM JIDISYÈ

Tribinal yo

W6l Jij, Grefye, Isye

Divès kalite Manda

Wòl Lapolis

IV- RESKONSABLITE LETA, DWA AK DEVWA SITWAYEN

V- RELASYON GOUVÈNAN - GOUVÈNE

- - Soumisyon

- Konsiltasyon

- Atansyon

- Patisipasyon

VI- PATISIPASYON SITWAYEN NAN GOUVÈNMAN LOKAL la

Desantralizasyon / Dekonsantrasyon

Wòl Konsèy Administrasyon Seksyon Kominal (KASÈK)

Wòl Konsèy Adrninistrasyon Kominal

VII- PLANIFIKASYON SEMINÈ NAN LOKALITE YO

3

PREZANTASYON GID LA

Gid sa a se yon zouti pou ede Animatè Ayisyen k ap bay Misyon Sivil Entènasyonal an Ayiti, OEA/ONU an bourad nan travay l ap fè chak jou ak manm lòt òganizasyon epi ak tout lòt kalte sitwayen.Gid la sèvi ak yon metòd klè.

Chak jounen y ap prezante fòmasyon an nan yon plan detaye ak sentèz sou chak tèm. Animatè a toujou sèvi ak gid sa a kòm yon zouti k ap ede 1 rive nan rezilta y ap chèche nan travay ak misyon l sou teren an, se yon fason pou pa gen okenn bagay depaman nan sa k dwe fèt ak sa k dwe di tou.

4

KONSÈY POU ANIMATÈ

Travay ak lòt moun sou yon pakèt keksyon enpòtan, konn bay anpil tèt chaje, anpil chirepit, anpil rale mennen vini, se sa ki fè n ap bay kèk konsèy pou ede Animatè yo:

1- Animatè a dwe veyatif nan sa k ap di ak nan sa k ap fèt nan dewoulman chak

fòmasyon.

2- Animatè a dwe prepare l depi nan lavèy jounen fòmasyon an, li dwe li tout

aktivite ki prevwa pou jounen an.

3- Animatè a dwe veye pou 1 pa enfliyanse patisipan yo twòp lè y ap travay

an ti gwoup pou etidye ka osnon preprare yon jwèt wòl. Li fèt pou l

ankouraje patisipan yo travay pou kont yo, san èd li. Si gen gwo difikilte li

k ap entèvni pou 1 pote plis limyè san pèdi tan nan bay twòp detay.

4- Animatè a se pa yon chèf, ni yon mèt, men pito yon gid, yon konseye pandan

tout tan fòmasyon an ap fèt.

5- Apre yon jounen fòmasyon an, Animatè a dwe pran yon tan espesyal pou fè yon

bilan, gade si yo te rive jwenn rezilta yo t ap chèche a. Se sèl fason pou pa repete menm erè ki te repete nan lòt jounen fòmasyon yo deja.

6- Animatè a dwe toujou veyatif nan sa k ap soti nan atelye yo, yon fason pou elimine difikilte patisipan yo genyen.

OBJEKTTF FÒMASYON AN

1) Ede patisipan yo:

-Devlope kapasite patisipan yo pou favorize, ankouraje refleksyon sou konstitisyon an, sou patisipasyon yo nan kolektivite teritoryal yo ak nan refòm nan lajistis.

-Patisipe nan desizyon reskonsab kolektivite teritoryal yo a p pran pou fè konnen bezwen lokalite a

2) Pèmèt patisipan yo jwenn:

-Enfòmasyon sou zouti ak teknik ki ka rann kominikasyon pi fasil nan mitan gouvènan ak gouvène.

3) Ede patisipan yo fouye zo nan kalalou pou yo rive konprann tout bon:

- Ki sa Konstitisyon an di de kolektivite teritoryal yo

-Fondman systèm jidysyè a

-Reskonsablite leta

-Dwa ak devwa chak sitwayen

4) Transmèt bay patisipan yo metòd pou yo ka reflechi pi byen epi mete an pratik lide yo te diskite yo.





6

KI TEM

1- Teknik Animasyon

2- Konstitisyon Mas 87 la

3- sistèm jidisyè

4- Reskonsablite Leta, Dwa ak Devwa chak Sitwaven

5- Relasyon Gou venan Gouvène

6- Patisipasyon Sitwayen nan Gouvènman Lokal

7- Planifikation Seminè nan lokalite yo

KI JOU/ KI LE

Premye Jou: 9:30-10:15

Premye Jou: 10:30 11:30

PremyeJou: 11:35 2:15 - 3:15

PremyeJou: 15:15 16:45

Dezyèm Jou. 9:30

Dezyèm Jou:12:15 2:30 - 4:00

DezyèmJou: 4:15 5:~0

1:00

Rezilta y ap chèche

Familyarize patisipan yo ak metòd yo sèvi nan fe fomasvon granmoun

Ede patispan yo konprann ki sa Konstitisyon an di sou pouvwa sitwayen yo nan kontèks listwa pèp ayisyen.

Ede patisipan yo konprann wòl pouvwa jidisyè ak fonksvonnman lajistis

Ede pastisipan yo konprann ki reskonsablite leta ak dwa fondamantal sitwayen yo epi touche ki gen rapò ak devwa chak sitwaven.

Ede patisipan yo dekouvri relasyon ki nesesè ant gouvènan ak gouvène dapre pouvwa Konstitisyon an bay sitwayen yo pou yo pran desizyon.

Ede patisipan yo konprann ki fòm patisipasyon sitwayen yo ka pran apati definisyon dekonsantrasyon ak desantralizasyon

Ede patisipan yo planifye seminè yo pi

byen san melanje wol ak reskonsablite

chak moun,.





7

SENTÈZ KONSÈNAN CHAK TÈM

8

PREZANTASYON KÈK TEKNIK

ANIMASYON

Nan gid sa a, nou vle pou aktivite fòmasyon an fèt tankou yon mouvman ale vini ki genyen ant animatè a ak patisipan yo epi ant patisipan ak patisipan. Animatè a ap sispann rete tankou yon pwofesè k ap vin devlope yon sijè san 1 pa chèche jwenn okenn reyaksyon bò kote klas la oswa yon mèt k ap fè elèv aprann leson pa kè. Animatè a dwe yon moun k ap ede patisipan yo tanmen diskisyon, ba yo direksyon, pote eleman ki nesesè pou diskisyon yo, 1 ap veye pou patisipan yo pa pase akote sijè y ap diskite a.

Pou n rive chita sou prensip patisipasyon sa a, nou pwopoze teknik sa yo:

JWÈT WOL: Se yon ti pyès tou kout ki mete patisipan yo nan yon sityasyon ki sanble posib, ki kapab ede yo prepare tèt yo pou sitiyasyon reyè yol. Lè yo patisipe nan jwèt wòl, sa ap ede yo wè kouman yo ta dwe aji nan yon sitiyasyon kèlkonk. Nan jwèt wòl la, patisipan yo konn jwenn solisyon pou divès kalte sitiyasyon difisil.

TRAVAY GWOUP: Se yon mannyè pou bay patisipan k ap patisipe nan yon sesyon fòmasyon okazyon pou yo bay lide yo, pataje eksperyans yo. Ou sèvi ak teknik travay an tigwoup la pou mennen kèk aktivite pratik tou.

BWASE LIDE / TANPÈT LIDE: Se bay chak moun ki nan sesyon fòmasyon an chans pou yo di sa yo panse epi sèvi ak lide sa yo pou fè fòmasyon an vanse.

Se yon teknik ki ede patisipan yo fè sèvo yo travay nan bay anpil lide. Men prensip teknik sa a

Ranmase tout lide ki bay yo. Pèson pa dwe bloke lide yon lòt ni ak jès, ni ak pawòl, si sa fèt se pa teknik la k ap aplike.

- Ranmase yon valè lide ki posib paske tout netwayaj andedan lide sa yo ap fèt apre. Patisipan yo pa bezwen jennen sizoka se lide lòt moun ki ta ede yo jwenn kèk bon lide.

EKSPOZE: Se lè animatè a oubyen yon patisipan ap eksplike sa ki gen pou fèt, oswa di kouman pou 1 fèt.

REFLEKSYON SOU KA / ETID KA: Nan teknik sa a, ou mete devan patisipan yo yon seri pwoblèm ansanm ak tout ransèyman posib sou pwoblèm nan, yon fason pou patisipan yo k ap chèche pwòp solisyon yo sou pwoblèm yo epi fe pwòp konklizyon pa yo.

9

KONSTITISYON MAS 1987

Ki sa Konstitisyon an ye?

Konstitisyon an, se manmnan lwa peyi d Ayiti. Sa vle di okenn lòt lwa ayisyen pa gen dwa pran pye sou li, ni depaman avè 1. Se Konstitisyon an ki eksplike kalite, oubyen fòm gouvènman leta a kapab gen nan tèt li. Se li ki bay tout prensip pou fè nasyon an oganize 1 pi byen, gran prensip tout lòt lwa yo dwe respekte ak dwa fondamantal moun.

Ki jan Konstitisyon an fèt ?

Konstitisyon mas 1987 la, se ventnevyèm (29è) Konstitisyon peyi d Ayiti depi 1801. Pou 1 te fèt, plizyè sektè te voye reprezante yo nan Asanble Konstitiyant la, tankou: sektè laprès, sendika, komès, twa pouvwa Leta yo, peyizan, edikasyon, eksetera era. Yo te 59 antou, yo tout se konstitiyan. Pami reprezantan sa yo, yo te chwazi yon prezidan, yon vis prezidan ak twa sekretè.

Lè Asanble Konstitiyant la te fin ekri Konstitisyon an, pi fò moun al vote nan referandòm 29 mas 1987 la, pou yo montre volonte yo genyen pou yon chanjman nan peyi d Ayiti.

Konstitisyon an genyen yon tèks ki kòmanse 1, yo rele tèks sa a preyanbil, li vini anvan nanm manman lwa peyi a. Tèks sa a, se yon deklarasyon ki eksplike sou ki prensip Konstitisyon an chita pou ki rezon pèp ayisyen an te vote 1.

Konstitisyon an chita:

sou dwa tout Ayisyen genyen pou yo viv lib san pwoblèm, alèz, men nan men, kòmsadwa dapre ak endepandans lan avèk dwa Nasyonzini deklare nan lane 1948, pou tout moun sou latè genyen;

sou akseptasyon pèp ayisyen kòm yon nasyon ki gen politik pa 1, k ap viv nan yon sosyete ki chita sou prensip jistis ki ede chak moun posede byen, fè biznis libè libè selon regleman lalwa;

sou demokrasi kote se desizyon pi fò moun ki pase ak delegasyon souverènte Leta nan twa (3) pouvwa k ap dirije peyi a;

1 0

sou prensip youn pa plis pase lòt: tout Ayisyen egalego nan tèt ansanm, san prejije, ni enjistis, ni chirepit:

sou zafè moun lavil ak moun andeyò, sou zafè lang, sou zafè kwayans, sou zafè nivo konesans. Tout moun dwe gen chans jwenn bon lekòl pou yo aprann, jwenn bon fòmasyon pou yo bay konesans yo jarèt, bon swen sante, bon jan travay, bon jan detant.

sou prensip twa (3) pouvwa: ki vle di gen twa (3) pouvwa ki nan dirijans Leta a:

Pouvwa Lejislatif, pouvwa pou fè lwa.

Pouvwa Ekzekitif, pouvwa ki la pou fè aplike lwa, epi fè peyi a mache kòmsadwa.

Pouvwa Jidisyè, pouvwa pou rann jistis lè gen chirepit.

Pouvwa sa yo separe, youn pa gen dwa pile pye lòt nan travay yo gen pou yo fè.

1 1

ELEKSYON ZOUTI DEMOKRASI

Tout peyi oswa tout gwoup k ap fè demokrasi dwe òganize eleksyon pou nonmen oswa pou ranplase moun k ap reprezante yo nan dirijans peyi y ap viv la.

Kisa eleksyon ye?

Eleksyon se lè w al vote pou yon moun ki te kandida pou yon fonksyon. Dapre konstitisyon mas 87 la, eleksyon se kote tout pèp la gen dwa al vote. Lè tout pèp la fè ekzèsis sa a, yo rele sa a eleksyon sifraj inivèsèldirèk. Li chita sou prensip yon sitwayen yon vòt.

Men 4 kategori eleksyon politik Konstitisyon 87 la rekonèt.

Eleksyon prezidansyèl; pou moun ki kandida pou prezidan.

Eleksyon lejislatif; pou moun ki kandida pou depite oubyen pou senatè.

Eleksyon minisipal; pou moun ki kandida pou majistra ou manm konsèy minisipal.

Eleksyon seksyon kominal; pou moun ki kandida pou vin responsab seksyon kominal oubyen manm KASÈK.

Eleksyon se yon egzèsis sivik ak politik, konstitisyon an prevwa nan ki delè pou fè eleksyon:

Eleksyon pou prezidan fèt chak 5 an;

Eleksyon pou depite fèt chak 4 an;

Eleksyon pou senatè fèt chak si (6) zan;

Eleksyon pou majistra ak manm la komin fèt chak 4 an;

Eleksyon pou manm KASÈK fèt chak 4 an.

1 2

A1 vote se yon dwa sivik konsekan, si yon sitwayen fanm oubyen gason genyen dizuit an, pa patisipe nan eleksyon k ap fèt nan bon kondisyon, se gabèl li bay, se konstitisyon an li pote move kou, e se pa tèt li sèlman li fè mal, men se tout lòt sitwayen nan sosyete a li rezye.

Lè ou pa al vote, ou bay chans pou moun ki pa korèk, moun ki pa alawotè, moun ki pa gen bon pwogram, moun ki medyòk vin dirijan.

Ki bon kote yon eleksyon?

Eleksyon ede yon peyi amelyore politik li, fè refòm, jwenn posiblite pou pote chanjman nan bagay ki pat mache byen.

Eleksyon bay tout kategori ki òganize chans yo. Sitwayen yo se aktè, se yo menm menm ki di sa yo pi pito, epi si yo te fè erè nan lòt eleksyon, ya chwazi lòt kandida.

Eleksyon devlope lakay sitwayen an abitid pou 1 enterese ak tout sa ki ap pase nan peyi a, oubyen nan zòn li. Nan sans sa a, li ogmante konesans li e sa fè li wè pi klè kote enterè li ye.

Eleksyon se yon pratik ki pa dwe chita ni sou non, ni sou lalan, ni sou privilèj, ni sou paspouki.

Ak pratik eleksyon yon pèp kapab soti nan abitrè pou li antre nan yon eta ki chita sou lalwa. Eleksyon kapab ede 1 aprann li ou ankouraje 1 aprann li.

Abi ak briganday nan dewoulman eleksyon

Se lè yon moun oubyen yon gwoup moun sèvi ak pouvwa, ak gwo ponyèt pou yo fè koken ak vòl.

Se lè yon moun oubyen yon gwoup moun sèvi ak lajan, e pwofite mizè lòt pou yo fè eleksyon an vire nan avantaj yo.

Se lè yon moun oubyen yon gwoup moun pran eleksyon daso, sou manti, sou fo temwayaj, nan magouy.

Kidonk eleksyon ki fèt nan koken pa eleksyon, e li pap janm ka mennen nan demokrasi.



1 3

SYSTÈM.JIDISYÈ

Kisa yo rele pouvwa jidisyè?

Nan demokrasi se yon majistrati, yon gwoup majistra, ki responsab ekzèse pouvwa jidisyè a; majistrati sa a genyen plizyè tribinal ki pa dwe nan patipri. Li dwe jwenn garanti, pou jij ki nan tribinal sa yo endepandan pa rapò ak lòt de pouvwa yo, nou vle pale de pouvwa lejislatif ak pouvwa ekzekitif.

Majistrati sa a ki fòme pouvwa jidisyè a gen pou 1 pwononse I sou tout kalite chirepit nan mitan sitwayen ak sitwayen, sitwayen ak leta epi veye si sitwayen sa yo oswa leta ekzèse dwa yo libelibè epi fè devwa yo komsadwa, jije tout fot lalwa kondane epi pini koupab yo.

Diferan kalite tribinal ki egziste:

Tribinal depè

Tribinal sivil

Koudapèl

Koukasasyon

Yo chak gen okipasyon pa yo. Dapre konstitisyon an, youn pa gen dwa fè travay lòt. Se lalwa ki deside jan pou yo òganize, wòl yo dwe genyen e ki kote yo dwe plase nan peyi a.

Sa tribinal depè a ye?

Tribinal depè a se tribinal pou premye jijman, yo fasil jwenn li nan yon komin oubyen nan yon gwo katye nan peyi a. Tribinal depè, se tribinal ki pi piti a, li pa okipe gwo kòz. Li regle zafè ki pa grav, ni two konplike. Kòz tribinal depè ap jije pa dwe depase 5.000 goud. Lalwa di ki kalite koz espesyal jij depè a ka fè.

Sa tribinal sivil la ye?

Tribinal sivil la se youn nan tribinal ki pi enpòtan.Tribinal sa a la pou jije tout zafè sivil tankou pwosè tè, pwosè divòs, powosè gwo lajan prete ki pa remèt, etsetera era... Li konn jije kèk ka ki soti nan tribinal depè. Jijman sa a dwe fèt selon lalwa.

Nou jwenn yon tribinal sivil nan chak gran vil sa yo: Pòtoprens, Okap,Okay, Gonayiv, Jakmèl, Senmak, Tigwav, Pòdpè, Jeremi, Aken, Ansavo, Fòlibète, Ench, Mibalè. Vil sa yo se awondisman, men nou jwenn kèk ladann ki se chèflye kèk depatman tankou Okap, Pòtoprens.

Sa kou dapèl la ye?

Koudapèl se tribinal ki la pou fè jijman yon pwosè ki te deja fèt nan tribinal sivil. Pou jijman an ale nan koudapèl, fòk se pati ki santi li pa satisfè jijman premye tribinal la ki mande sa. Lé sa a, tribinal la ap rejije ka a selon lalwa.

Nou jwenn tribinal sa a nan 5 kote nan peyi a:

1. Youn Pòtoprens ki gen jiridiksyon sou Tribinal Sivil, Pòtoprens, Tigwav ak Jakmèl

2. Youn Okap ki gen jiridiksyon sou Tribinal Sivil Okap ak Folibète

3. Youn Gonayiv ki gen jiridiksyon sou Tribinal Sivil Gonayiv, Senmak ak Pòdpè

4. Youn Okay ki gen jiridiksyon sou tribinal sivil Okay, Aken, Jeremi ak Ansavo

5. Youn Ench ki gen jiridiksyon sou tribinal sivil Ench ak Mibalè



1 5

Sa kou kasasyon an ye?

Kou kasasyon an se pi gwo tribinal ki gen nan peyi a. Se yon sèl ki genyen, li chita Pòtoprens, se limenm ki gen plis jij, li fè jijman kòz ki koute pi gwo kòb pase lòt tribinal yo.

Tribinal sa a la pou 1 veye sou konstitisyon an, etidye si tout lwa ki soti pa depaman ak konstitisyon an. Koukasasyon an gen dwa jije tout desizyon tribinal yo pran sou sa ki te pase e refè jijman ki soti nan koudapèl la. Jijman an dwe fèt jan lalwa prevwa sa.

Nan yon tribinal, si moun ki pèdi a pa dakò li ka ale nan tribinal ki pi wo a. Apre jijman an fin fèt nan koukasasyon an pa gen lòt tribinal yon pwosè ka ale ankò. Kidonk desizyon koukasasyon an se dènye desizyon.

Kondisyon pou yon moun vin manm pouvwa jidisyè.

- Pou yon sitwayen jij nan kou kasasyon, chanm sena a bay prezidan repiblik la yon lis twa (3) non moun pou chak plas jij. Prezidan an dwe chwazi jij yo nan lis sa a.

Pou tribinal sivil ak kou dapèl, se asanble depatman yo ki pwopoze lis non yo, prezidan repiblik la chwazi moun li vle nan lis yo.

Pou tribinal depè se asanble minisipal yo ki prepare lis non moun sa yo pou prezidan an chwazi.

Selon lalwa pou yon sitwayen kapab ekzèse metye jij nan nenpòt tribinal, fòk li pase nan yon lekòl ki fèt pou sa; anplis fòk li ranpli kondisyon lalwa mande.

Dire manda jij yo.

Se pou diz (10) an yo nonmen jij tribinal koukasasyon, e jij nan lòt tribinal yo. Tan sèvis jij yo kòmanse lejou yo leve lamen pou travay jij yo. Ni jij tribinal koukasasyon ni jij lòt tribinal yo, la pou tout tan sèvis yo. Sèl lè yo kab revoke yo, se sizanka yon tribinal ta fin jije yo pou yon kòz, nan pye travay yo, oubyen si yo akize yo devan lajistis komkwa yo fè yon krim oubyen yon fòt, yo pa kap bay yon jij okenn lòt pòs, li mèt se yon pwomosyon, san jij la pa dakò pou sa, yo pa gen dwa manyen jij pandan tan sèvis yo, sòf si bonjan papye doktè deklare sante yo p ap ede yo fè travay jij yo poutèt kò a pa bon oubyen tèt la pa bon.

Wòl manm nan pouvwa jidisyè a.

Jij

Wòl jij yo, se jije tout ka ki prezante devan yo san patipri. Wòl yo enpòtan anpil paske tout sosyete demokratik bati sou lajistis. Menm si yon jij devan yon ka lalwa pa prevwa, fòk li chèche solisyon pou ka sa a.

Komisè Gouvènman

Wòl komisè yo, se veye si moun jwenn jistis, veye pou moun pa sibi abi nan sosyete a. Nan lajistis, se komisè a ki reprezante sitwayen yo k ap viv nan sosyete a devan tribinal. Se li menm ki pou veye si yo aplike lalwa kòmsadwa kont moun ki koupab. Komisè yo gen biwo yo rele pakè. Yo travay anndan pakè a. Epi lè pwosè ap dewoule nan tribinal, yo la tou pou veye si lalwa ap aplike, yon fason pou li pwoteje sosyete a.

Grefye

Wòl grefye yo, se sere epi ekri tout pwosèvèbal, tout kontrandi ak pwosedi tribinal yo. Se grefye yo menm ki responsab kenbe tout lajan ki depoze nan tribinal pou moun ki ta gen pwoblèm ak lajistis.

Isye

Isye yo, se moun ki la pou fè moun yo antre nan sal tribinal la, se yo menm ki okipe zafè mete lòd nan tribinal. Se yo ki siyen epi pote ale tout papye ki konsène lajistis.

1 7

Pinisyon lalwa prevwa pou otorite nan pouvwa jidisyè a

Lalwa prevwa yon tribinal espesyal pou jije gwo chabrak nan pouvwa jidisyè a tankou: jij kou kasasyon ak komisè gouvènman nan koukasasyon an, lè yo fè yon krim nan pye travay

yo.

Ki pinisyon tribinal espesyal la gen dwa bay manm pouvwa jidisyè a?

- Fè moun yo kondane a pèdi plas li.

- Fè 1 pèdi tout avantaj plas sa a te ba li.

- Defann li travay nan plas leta pandan senk (5) lane, pou pipiti, oubyen pandan kenz (15) lane, pou piplis.

MANDA

Ki sa yon Manda ye?

Se pouvwa yon moun genyen pou l reprezante yon lôt moun oubyen yon gwoup moun, pou l akonpli pou li plizyè aksyon jiridik, administratif osinon politik.

Divès kalite Manda:

Manda damne:

Se lòd yon jii bay lafòs piblik pou mennen kondi san pèdi tan yon moun yo sispèk ki patisipe nan yon zak kriminèl oubyen yo kenbe men nan sak osinon ki gen yon akizasyon kèlkonk sou do 1.

Manda darè:

Se lòd yon jiridiksyon penal bay lafòs piblik pou mache chache, arete epi kondi nan yon sant detansyon tout akize oubyen prevni.

Manda konparisyon:





Se yon envitasyon yon Jij voye bay yon akize oubyen yon prevni pou li prezante devan tribinal la nan yon lè ak dat ki byen ekri sou papye manda a.

Manda Depo:

Lòd yon Jij oubyen yon jiridiksyon penal bay gadyen yon prizon pou resevwa epi gade nan depo yon akize oubyen yon prevni

Ki wòl lapolis dapre konstitisyon an?

Lapolis gen misyon garanti lòd piblik epi pwoteje lavi ak byen tout moun, li sou kont Ministè Lajistis. Li gen alatèt li, yon kòmandan ki la pou twa(3) lane, manda l kapab rckòmanse. Layolis se bra lajistis, li la pou li fè rechèch sou tout vye zak ki depaman ak lalwa, fè rechèch sou tout krim, dekouvri sispèk yo, epi arete yo.

Oganizasyon lapolis

Konstitisyon an prevwa nan nimewo 271, kreyasyon yon akademi ak yon lekòl Lapolis. Se lalwa ki deside kouman yo dwe òganize ak kouman yo dwe mache.

Lapolis gen divès branch, youn pou chak sèvis espesyal. Ou jwenn:

Sèvis administrasyon prizon;

Sèvis ponpye;

Sèvis sikilasyon;

Sèvis gran wout;

Sèvis kont dwòg;

Sèvis kont kontrebann;

Sèvis rechèch kriminèl;

Antigang.

Lalwa gen pou l regle bon jan fonksyonnman tout sèvis sa yo, di kouman yo dwe òganize, kouman yo

dwe mache epi kote yo dwe ye.



RESKONSABLITE LETA YON LETA KI CHITA SOU LALWA AK

DEVWA SITWAYEN

JWI DWA NAN RESPÈ DEVWA

Nan rapò leta ak sitwayen, sitwayen ak lòt sitwayen, tout dwa yon moun genyen se devwa leta; tout dwa leta genyen se devwa sitwayen. Dwa ak devwa se de frè marasa, youn pa mache san lòt





Ki lè yon moun k jwi dwa l nan respè devwa?

Ou kapab ap pale de demokrasi depi maten jouk lannwit, jouk mayi mi ou poko nan reyalite a, ou nan rèv toutotan ou pa nan kondisyon jwi dwa w kòm sitwayen. Fòk tout sitwayen konnen byen sa dwal ye pou li ka jwi yo san 1 pa fè abi, san I pa deranje lòt moun. Yon moun fèt pou gen konsyans li pa yon sitwayen toutbon vre si 1 pa nan kondisyon pou l jwi tout dwa 1. Se devwa yon moun pou 1 respekte dwa yon lòt moun.

Pa egzanp yon Ayisyen pa komèt okenn krim si 1 ap manifeste oubyen di 1 pa dakò byen fò kont yon fòm pouvwa. Men tou, li ka fè yon gwo krim si pandan 1 ap manifeste a 1 ap vòlè dwa yon lòt moun tankou fè piyay ak kraze kay lòt moun.

Ki dwa Konstitisyon an bay sitwayen sou Leta?

Konstitisyon mas 1987 la bay sitwayen yo dwa rele leta nan jistis, oubyen devan otorite ki konpetan pou sa, lè leta fè 1 abi.

Si sitwayen an ou nenpòt ki otorite pa respekte angajman 1, ou si li fè abi, li gen dwa jwenn pinisyon pou sa, li kapab menm pran prizon, se vre li p ap janm jwenn lanmò pou sa; men, si li mete 1 ak ènmi peyi a, si li trayi peyi a oswa, si li vòlè byen peyi a li kapab rete nan prizon jiskaske li mouri.

Si yon moun, yon gwoup moun, yon otorite:

komèt abi san yo pa jwenn pinisyon se yon move kou yo pote kont demokrasi e se dwa lòt sitwayen li atake;

20

refize w vote lib, fè vyolans sou ou pou pa ranpli devwa w se dwa tout moun li atake:

pa ba w mwayen pou jwenn laswenyaj se dwa w li atake;

. anpeche w al lekòl, jwenn bonj an fòmasyon pou amelyore kondisyon w, se dwa w ke li atake.

pa ba w chans pou travay lib, pou gen pwòp byen w, se dwa w li atake.

fè vyolans sou ou, antre lakay ou, fè vyolans sou ou, se dwa w li atake

Konstitisyon mas 1987 la, rekonèt ou gen dwa goumen jouk sa kaba, depi w pa pran lèzam,

selon tout mwayen legal pou dwa w respekte.

Men trèz (13) devwa yon sitwayen toutbon vre dwe respekte:

1. Li dwe respekte Konstitisyon an ak drapo peyi a.

2. Li dwe respekte lalwa.

3. Li dwe vote nan eleksyon san yo pa fòse l

4. Li dwe peye taks.

5. Li dwe dakò pou li sèvi kòm manm jiri nan tribinal.

6. Li dwe defann peyi l si gen lagè.

7. Li dwe chèche konnen epi chèche ogmante konesans li.

8. Li dwe bay konkou l nan pwopte peyi a, nan pwopte tè a ak tout sa ki alantou tè a.

9. Li dwe sansib anpil pou lajan leta ak pou byen Leta.

10. Li dwe respekte byen lòt moun.

11. Li dwe travay pou tout moun viv anpè.

12. Li dwe toujou prèt pou li bay konkou lè moun andanje.

13. Li dwe respekte dwa ak libète lòt moun, (nimewo 52-1).

Lè yon sitwayen pa fè sa l dwe fè, lalwa gen dwa pini l, (nimewo 52-1).

21

RELASYON

GOUVENAN-GOUVENE

Dapre pouvwa konsstitisyon an bay sitwayen yo, gen nesesite pou ki kalite relasyon Gouvènan - Gouvène andedan kolektivite yo?

Kòm kalite gouvènans konstitisyon an prevwa ki dwe tabli andedan kolektivite yo pa menm ak jan li te ye lontan, kòm kalite gouvènans sila a chita sou de lòt prensip ki ekzije kare bare patisipasyon popilasyon yo, nou sèten relasyon ant gouvènan yo ak sitwayen yo dwe chanje pou yon lòt fòm relasyon ki pi ekilibre, kote se pa men dwat k ap goumen ak men gòch lan yon menm kò. Sètitid sa a chita sou volonte ki dwe genyen pou dirijan yo sispann konpòte yo tankou lennmi sitwayen yo. Nòmalman dirijan yon peyi oswa yon kolektivite dwe mete yo osèvis sitwayen yo. Si pifò sitwayen pa janm ka rive jwenn menm yon pwèlyèm satisfaksyon lan patri yo, se do yap vire bali , lò yo pa ka fè sa, ebyen se eskonbrit yap pete ak dirijan yo. Jan sa abitye rive plizyè fwa, ni lan peyi d Ayiti tankou lan anpil lòt peyi. Relasyon ant gouvènan ak gouvène ka pran divès fòm, tou depan de kalite relasyon debaz kap ekzèse. Gen lidè ki pa vle koute lide pèsonn, alevwa pou ta al chache konnen desizyon tout moun lan sa yo gen pou fè

Mòd lidè sa yo toujou aji tankou sèl kòk chante. Prezidan pa bòpè yo, wa pa kouzen yo. Tout sa yo di se sa. Pou lòd yo ka toujou respekte, yo fè e defè, yo touye, yo rache.... Mòd lidè sa yo pote non diktatè devan yo, tout sitwayen ta dwe mache tèt anba tankou zonbi ki pèdi bonanj yo. Sèl relasyon ki ka kenbe ak diktatè yo se:

1. Yon Relasyon Soumisyon

Tout fòs yon relasyon soumisyon chita sou kòmannman yon sèl moun, sa moun sa a vle, se sa. Lojik relasyon soumisyon an pa konsidere chak moun gen yon pèsonalite ki ka ede li deside. Paregzanp, modèl gouvènans wa yo chita anpil sou lojik sa a. Modèl wayote a yo te deklare klè, pouvwa ak lotorite yon wa genyen, se bondye ki ba li 1; se kòm si se ta bondye menm kap kòmande lan tèt wa a alòs tout moun dwe koube anba volonte 1. Lan peryòd esklavaj kote Ayiti te sou kòmannman wayote la Frans, sistèm nan te klè kare bare sou estati jiridik esklav yo; yo te adopte yon lwa ki te pote non kòd nwa; lwa sa a te

22

di: esklav yo se yon bagay, yon objè ki gen yon mèt, ki dwe gen konpòtman soumisyon devan mèt la. Ki donk yo pa t konsidere esklav yo kòm moun.

Nou jwenn lòt fòm gouvènans ki ta vle kwape modèl gouvènans ki vle tout moun ta fèt pou ranje yo anba soumisyon yon sèl moun nan. Fòm gouvènans sa a ap eseye kapote lojik wayote a tèt anba; kote pouvwa pa dwe soti anlè pou tonbe lanmen yon sèl moun; men li dwe soti nan men sitwayen yo, k ap remèt li bay divès kategori moun k ap gouvènen lan enterè yo, paske se yo ki te fè chwa yo. Egzèsis pou yon moun k ap mennen andedan fòm pouvwa sa a, chita sou yon lòt lojik ki depaman ak lojik soumisyon an. Nan plas pouvwa wa, yo vin pale de pouvwa pèp. Nan lojik pouvwa pèp la ki pote non demokrasi, relasyon gouvènan gouvène se:

2. Yon Relasyon Konsiltasyon

Lojik demokrasi a chita sou:

Pouvwa sitwayen yo ki bay dirijan yo egzèse pouvwa sa a

Separasyon pouvwa nan mitan moun k ap gouvène yo pou youn pa pile pye lòt nan pouvwa 1 genyen

Eliminasyon pouvwa avi pou yon sèl kategori moun

Egzekisyon desizyon pi fò moun etsetera era...

Relasyon gouvènan-gouvène nan rèy demokratik la se yon relasyon konsiltasyon ki tabli sitou lè eleksyon, apre eleksyon pa gen kontak sere ant gouvènan ak gouvène. Nan kèk peyi nou ka jwenn kèk espas ki louvri tou piti pou gouvènan yo kontinye chita ak gouvène sou bezwen yo, men yo pa kreye twòp mwayen pou sa fèt souvan.

Se pou sa nou ka konstate relasyon kandida ak popilasyon yo pa janm kenbe menm jan li te ye anvan eleksyon ak apre eleksyon. Konsta ak obsèvasyon sila a yo dwe fè tout sitwayen reflechi anpil pou yo konnen: rezon ki dwe fè yo chwazi yon moun nan eleksyon? Rapò ki dwe kenbe ak moun ki eli, apre eleksyon an pandan tout tan l ap gouvène a?





Kite kantik pran priyè? Eske rèy demokrasi a elimine otomatikman tout posiblite pou w ta wè manifeste yon konpòtman diktati? Nou konstate se non, nan kèlkelanswa espas la, kit se lan gouvènans yon peyi, yon asosyasyon, oswa menm yon fanmi, toujou gen moun ki vle konpòte yo an chèf siprèm. Ki vle di, lide wayal yo poko fin derasinen, yo pa pèdi pye. Gen moun ki pa gen okenn wonte pou yo konpòte yo an chèf siprèm menm si y ap pale de demokrasi, menm si y ap fonksyone nan yon espas demokratik. Gen lòt ki ekzèse diktati a anba chal, avèk riz nan manipilasyon, oubyen swadizan nan ajisman an bon papa.

Egzèsis diktati k ap fèt ak manipilasyon parèt prèske tankou demokrasi. Lidè ki manniganse mòd egzèsis sa yo se lidè ki gen lawonte pou moun ta konsidere yo kom diktatè. Pou kache imaj diktatè a, yo kache dèyè, san moun pa ka wè sa k ap pase: lè moun konprann se pèp k ap aji, se pa vre, se yon men envizib k ap manipile 1. Poutan de mòd sitiyasyon kon sa parèt nan je kèk moun kòm demokrasi. Relasyon ki ka chita ant gouvènan ak gouvène lan mòd ka sa yo, gen manipilasyon k ap fèt ladan, kote se moun pa ak chèf boukman k ap bat kò yo tankou maryonèt y ap fè bouje.

Yon lòt sitiyasyon ki pa bay imaj demokrasi non plis se kote pyès moun pa ka pale, yo pa janm gen yon opinyon, yo pa kwè desizyon yo ta ka pran enpòtans, se pawòl ak desizyon yon sèl moun yo bay enpòtans, paske yo fè moun sa a konfyans, oswa paske yo estime opinyon ak desizyon pa yo pa bon paske yo pa save. Lan kout kat sa a, sèl moun ki gen pouvwa a, pase pou yon bon papa. Men nou ka remake tou, tout relasyon bon papa ak pitit rete bon toutotan pitit la rete obeyisan, toutotan li kontinye aji ak konsantman papa 1. Depi pitit la ta sanble kapab genyen pwòp konsantman pa 1, pwòp lide 1, ki ta vle montre li se yon granmoun endepandan de papa a, bagay la pral gate. Papa a ka manche sentiwon 1, li ka bay nenpòt reyaksyon. Yon gouvènans k ap aji an fòm sa a yo rele 1 patènalis paske lòt papa a pa la anyen pa ka regle, si papa a pa bay, bezwen pa satatisfè; ki donk tout moun toujou rete ap tann papa sa a. Yo pa devlope sans responsablite pou yo fè oswa chache fè pou tèt yo.

Gouvènan ki aji lan patènalis, devlope ak gouvène yo yon rapò ki chita sou:

24

3. Yon Relasyon Atantis

Lan tout mòd relasyon ant gouvènan ak gouvène nou sot pale yo, pa gen youn ki kreye posiblite pou gouvène yo di mo pa yo, ni enfliyanse travay gouvènan yo dwe fè.

An palan de pouvwa ak otorite lan kèlkelanswa domèn nan; moun gen pouvwa tout bon se lè yo ka deside ak lè yo ka aji. Prensip nouvo konstitisyon 87 la fèk parèt sou zafè wòl gouvènan ak gouvène ann Ayiti, se prensip pou pouvwa desizyon pa rete nan men gouvènan sèlman.

Yon fwa sitwayen yo ka reyini an asanble pou fè konsèy yo konnen desizyon yo sou yon seri bezwen yo genyen, enben konsèy yo antan ke gouvènan, pa kapab deside sèlman. Yo bije kenbe rapò ak sitwayen yo sou yon baz pataj pouvwa desizyonèl avèk yo. Se baz sa a ki ka tabli ant yo menm ak sitwayen yo:

4. Yon Relasyon Patisipatif

Lojik patisipasyon an ekzije plis kontak ant gouvènan ak gouvène ki pa ka rete sèlman nan konsiltasyon lan moman eleksyon. Demokrasi sa a konstitisyon an ap pale a pa gen fòm yon demokrasi reprezantatif sèlman; li bay imaj yon demokrasi patisipatif tou. Atik 73, 74, 83, 87-2 demontre aklè konsèy yo ak gouvènman santral la dwe rann kont bay asanble yo, pran avi yo sou yon seri koze.

Nou idantifye 4 fòm relasyon ki ka tabli ant gouvènan ak gouvène se:

1. Relasyon soumisyon

2. Relasyon konsiltasyon

3. Relasyon atantis

4. Relasyon Patisipatif

Chak relasyon sa yo plase gouvènan yo nan yon pozisyon ki pa menm ak pozisyon gouvène yo. Epi, tou depan kote chak kategori moun sa yo plase, yo gen yon wòl espesyal y ap jwe. Eksepte nan relasyon soumisyon ak manipilatris la, gouvènan yo nan ekzèse wòl yo ap aji sou gouvène yo;. Yo menm tou lan egzèse wòl pa yo, yo aji sou gouvènan yo menm jan an.

25

Entèakasyon ant gouvènan ak gouvène sètoblije mache nan ekilib ak nan amoni. Lò sa pa ka fèt, nou anfas yon enstabilite politik. Enstabilite politik la pa depann sèlman de yon rapò ekilibre ki gen amoni ant gouvènan ak gouvène, li depann sitou de satisfaksyon bezwen omwen pi fò sitwayen yo.

26

PATISIPASYON SITWAYEN NAN

GOUVENMAN LOKAL

Mwayen ki ka pèmèt bon jan relasyon tabli ant gouvènan ak gouvène lnn egzèsis pouvwa desizyon yo chak genyen sou bò pa yo andedan kolektivite yo

Nan eta degraba peyi d Ayiti ye jounen jodi a, dirijan yo pou kont yo pa ka wete 1 ladan 1. Yo pa ka mennen bak yo, lan biwo leta yo, kòm si biwo sa yo se biznis prive yo. Gen nesesite pou pòtre leta jan li ye lan konstitisyon an parèt lan miwa reyalite a pou van chanjman an ka soufle sou Ayiti toutbon vre. Pou li gaye nan tout kwen peyi a soti nan seksyon, pase nan komin rive nan depatman. Sa mande pou gouvènans nan chak kolektivite sila yo bay kout men ak popilasyon yo pou tanmen dyalòg sou sa ki dwe fèt pou devolpe zòn yo, pou abouti nan rezilta ki ka bay sitwayen yo satisfaksyon.

Satisfaksyon bezwen yo chita plis sou mwayen lajan ak materyèl se vre, men se moun kap sèvi ak lajan yo, se moun kap sèvi ak materyèl yo, nan tout sa k ap fèt gouvènan gen wòl pa yo, gouvène yo gen wòl pa yo. Yo rantre an relasyon lè yo chak ap ranpli wòl yo. Souvan, gouvène yo konn pa ka ranpli wòl yo akòz abi pouvwa, koripsyon, kraze zo eksetera era... lè pa gen sitiyasyon ki sitire mòd move zak yo, kominikasyon se yon zouti enpòtan ki ede gouvènan ak gouvène mache opa nan wòl yo pou kenbe bon relasyon pami yo. Nan tout relasyon moun ak moun, se mòd kominkasyon ki itilize a, ki dètemine anvan tout lòt bagay si relasyon an ap degrade oswa si l ap amelyore. Kominikasyon an se tankou yon moul ki kenbe yon matyè, se li menm ki bay matyè a fòm. Se li menm ki pèmèt echanj fèt ant moun yo. Matyè a se sa kap di ak sa k ap fèt. Si fòm kominikasyon ki itilize a pa transfòme sa k ap di ak sa k ap fèt, tout bagay ap klè kon dlo kòk. Men lè gen transfòmasyon, sa konn kreye anpil pwoblèm. Se nan sans sa nou wè kijan kominikasyon se yon zouti, yon mwayen enpòtan nan relasyon moun ak moun.

Nan relasyon gouvènan ak gouvène, tankou tout lòt relasyon moun ak moun, nou ka jwenn pwoblèm sou fòm oubyen sou fon, oswa toulede. Pwoblèm ki poze sou fòm yo se pwoblèm kominikasyon yo ye, tandiske pwoblèm ki poze sou fon yo se pwoblèm sou sa k ap di a osinon sou sa k ap fèt la. Gen delè kominikasyon an konn vin pi difisil pou 1 fèt byen, lè gen konfizyon sou ki kote yon pwoblèm sitiye. Sa konn lakòz tout sa ki te gen pou fòt, tout desizyon ki te gen pou pran bloke.

27

Anvan nou antre lan detaye kominikasyon an kòm mwayen ki ka ede gouvènan ak gouvène yo kenbe bon jan relasyon, n ap fè yon ti kout je sou wòl yo chak.

Nou ka konsidere gouvènan yo ki se dirijan kòm komisyonè oswa anplwaye gouvène yo. Jan nou te wè lan konstitisyon an, dirijan yo gen yon pouvwa, ki sòti nan men moun ki te chwazi yo a. Se moun sa yo ki voye dirijan yo al fè yon travay pou yo. Kidonk dirijan yo pa kapab al fè travay la san yo pa kenbe yon kontak ak moun ki te voye yo al fè 1 la. Yo sètoblije pran dizon popilasyon yo sou travay ki dwe fèt, ba yo rapò sou sa kap fèt, sou fason lajan te itilize, difikilte ki egziste eksetera era .... Gouvène yo sou bò pa yo la pou yo di sa ki dwe fèt dapre bezwen yo genyen; men se pa sa sèlman. Kòm sitwayen, yo peye taks, yo ka pote konkou pou bay kout men, swa ak fòs kouray yo, ak lajan, materyèl epi yo dwe gen yon koupòtman kap pwoteje byen, moun ak sèvis lan anviwonman yo.

Dapre wòl gouvènan yo ak wòl gouvène yo, yo chak pa ka fonksyone sou bò pa yo, san yo pa janm antre an kominikasvon. Yo gen pou yo dyaloge.

Dyalòg ka fèt sou plizyè fòm, li ka fèt ak plim, li ka fèt nan bouch selon jan l ap fèt la, gen yon dividal materyèl ak fòm ki ka itilize. Dyalòg fèt nan reyinyon ak ti gwoup, ak gran gwoup, nan ti koze a de, nan chwi chwi chwi, nan lèt, televizyon, telefòn, radyo eksetera era....

Konstitisyon an kreye yon espas fòmèl pou sitwayen yo dyaloge ak dirijan yo, se asanble yo. Nou konnen gen espas enfòmèl yo tou, ki se kote lòt fòm rankont ka fèt ant sitwayen yo ak dirijan yo. Ki di donk reyinyon se youn nan fòm kominikasyon ki pral plis itilize pou pèmèt gouvènan ak gouvène dyaloge. Mwayen kominikasyon ki pral itilize yo pa dwe kenbe popilasyon an devan biwo leta yo tankou je kap gade lan boutèy nwè. Si se konsa, yo p ap okouran, sa k ap fèt, gen anpil bagay yo pap konprann, gen anpil desizyon ki p ap ka pran epi anpil tan ka pèdi tou lan jefò ak presyon initil. Lan ka sa yo, yo konn di pa gen transparans. Kominikasyon ant gouvènan ak gouvène dwe fèt ak transparans pou ede sitwayen yo:

1- Jwenn enfòmasyon

2- Pran desizyon

3- Pote kolaborasyon

28

Se lè twa (3) pwen sa yo respekte, nou ka di pouvwa sitwayen yo ap respekte, nou ka di sitwayen yo ap ranpli wòl yo lan egzèsis pouvwa konstitisyon an ba yo. Selon fòm dirijan yo anplwaye, yo ka kenbe yon relasyon patisipatif ak popilasyon yo; kit se nan espas fomèl la kit se nan espas enfomèl la.

A- Nan espas fomèl la: asanble yo

1) Asanble yo dwe fè reyinon konsiltasyon ak pi fò moun ki abite nan kolektivite yo ye a pou chache akò ak yo sou pwojè yo pral mete devan dirijan konsèy yo (gade modèl # 1).

2) Fòk Gen yon asanble jeneral ki fèt yon fwa nan ane a kote manm konsèy yo, manm asanble yo ak tout popilasyon an reyini. Li enpòtan pou rapò reyinyon yo fèt (gade modèl # 2).

3) Fòk konsèy yo prezante bay asanble yo rapò aktivite ak rapò finansye (gade modèl # 3 ak 4)

4) Konsèy yo oswa asanble yo, youn ka konvoke lòt chak fwa sa nesesè pou regle yon koze espesyal. Sa ta dwe fèt pa ekri.

5) Konsèy yo ka itilize fòm kominikasyon ekri pou transmèt enfòmasyon bay asanble yo ak mande kolaborasyon yo, lè gen nesesite.

6) Ke se swa manm konsèy oubyen asanble yo, tout dwe gen anpil ladrès pou suiv demach rezolisyon konfli pou anpeche chire pit blayi lontan nan relasyon yo.

Sis pwen ki site la yo se pwopozisyon yo ye. Se pa yon obligasyon ki ekri sou fèy papye lalwa. Poko gen lwa ki egziste sou fonksyonnman asanble ak konsèy nan kolektivite teritoryal yo. Annatandan yon lwa egziste sou sa, enstans sa yo dwe swiv yon pwosedi ki ka ede yo gen bon jan relasyon pou popilasyon yo egzèse pouvwa yo kòmsadwa selon konstitisyon an.

Nou ka remake tout reyinyon pa menm paske yo pap gen menm bi. Se bi reyinyon ki detèmine pwen ki pou diskite ladan 1. Selon lòd di jou a ki se tout pwen kap diskite yo, chak reyinyon gen kadans pa 1. Tandiske kèlkelanswa reyinyon an gen etap sila yo ki pou suiv:

29

- Preparasyon

- Ouvèti

- Deba

- Desizyon

- Distribisyon tach (si genyen)

- Evalyasyon

- Fèmti

Desizyon ki pran nan espas asanble yo ki se yon espas fòmel gen karaktè ofisyèl yo lejitim, paske asanble yo se enstans konstitisyon an kreye menm.

Men lè nou gade fason lwa elektoral 1995 lan bay pou asanble yo konpoze,dapre (Atik 60-1) nou wè sa bay pou reyinyon fèt fèmen ak ti kantite moun nan lwa a. Alòske lojik konpozisyon tout asanble se prezans tout moun ki konsène. Reyinyon asanble kolektivite yo ta dwe ouvè pòt pou tout sitwayen ki ladan yo patisipe. Se pou rezon sa a, nou pwopoze pou gen reyinyon konsiltasyon ki fèt bò kote popilasyon yo.

Alaverite tout moun ki manm yon popilasyon p ap disponib tout tan pou yo chita nan reyinyon. Manm asanble yo p ap ka mete yo osèvis konsèy yo pou yo ta twouve ap egzekite sa konsèy yo gen pou fè. Konsèy yo gen wòl yo, asanble yo gen wòl pa yo.Si tout moun tonbe nan fè reyinyon san rete, y ap vin soufri yon maladi yo rele reyinyonit. Lè sa a yo p ap jwenn tan pou egzekite okenn travay. Nan sans sa a, plis reyinyon ki pou ta fèt lan yon ane se 4: twa (3) reyinyon òdinè, yon reyinyon asanble jeneral ; san mete sou kote reyinyon espesyal, reyinyon ekstraòdinè ki ka fèt selon ijans ki genyen sou koze espesyal. Wòl fondamantal asanble yo se defini demann bay konsèy yo pou bezwen ki genyen nan zòn yo. Yo dwe kapab prepare pwopozisyon klè presi pou demann yo pa prezante lan kafouyaj. Yo dwe konsilte popilasyon an. Manm konsèy yo dwe devlope kapasite yo pou yo ka gen ladrès pou fè planifikasyon aktivite lan yon kalandriye aktivite anvèl ki dwe tabli pou fè demach pou reyalize demann yo resevwa.

30

B- lan espas enfòmèl la

Fòk gen rankont ki òganize espesyalman ak asosyasyon yo sou koze yo bezwen pale nan sa ki konsène yo.

Kapab gen reyinyon enfòmasyon an piblik pou mete popilasyon an okouran sou kèk koze enpòtan ki gen yon enterè jeneral

Konsèy yo ka itilize tout fòm kominikasyon ki alapòte yo kòm avi ekri sou pòt biwo yo, anons lan radyo, lan legliz, pou transmèt enfòmasyon.

- Konsèy yo ka kenbe yon emisyon radyo pou fè edikasyon sivik kote yo ka bay enfòmasyon tou sou kijan kolektivite yo a ap mache...

Li enpòtan pou toujou gen suivi nan kontak yo pou bay repons, fèmen dosye, chache api pou jwenn rezilta eksetera... yon fason pou kominikasyon an pa fèt nan pale mete la; ki pa bay okonn imaj serye. Repons toujou nesesè menm lè se non . Sa anpeche moun yo santi y ap woule yo. Pa mande fòm pou kominikasyon fèt. Anplis sa ki egziste deja, gen lòt ki ka kreye. Sa ki enpòtan nan relasyon asanble yo ak konsèy yo se pa konfonn wòl yo. Youn nan enstans sa yo pa dwe ranpli wòl pa yon lòt. Se ta yon gwo domaj si lan je popilasyon an konsèy parèt menm bagay ak asanble. Lò gouvènan yo ak gouvène yo gen yon pwoblèm dezakò sou fon, kominikasyon an kòm mwayen konn pa twò efikas pou debouche sou solisyon. Si li fèt byen, sa toujou ka pote yon api itil, men ki pa sifi. Dezakò sou fon konn egziste akòz:

- Enterè ki pa menm

- Ideyoloji ki pa menm

- Mwayen lajan, materyèl, ak konpetans

ki ka pa ekziste elatriye.....

Lan tout pwoblèm dezakò ant gouvènan ak gouvène, gen anpil konsesyon ki dwe fèt bò kote gouvènan yo, paske yo pa la pou dirije avi. Moun ki te voye yo toujou ka wete yo, remete yo selon rannman yo bay lan travay gouvène yo ba yo fè a.

Relasyon ki chita fò sou baz mwayen kominikasyon pa fasil paske pi gwo difikilte ki gen anfas sitou nan koze desizyon ki pou pran pami yon dividal moun ki reyini, se jwenn konsansis pou tout moun rive mete yo dakò sou yon menm bagay.

3 1

MODEL # 1

REYINYON KONSILTASYON AK POPILASYON YO

Li ta toujou pi bon pou manm konsèy yo pa prezan nan reyinyon konsiltasyon ak popilasyon yo. Sa ka bay yon sèten asirans pou desizyon pran san enfliyans dirijan yo. Li pa ta bon pou desizyon pran sou tout bagay yon sèl kou paske pwoblèm yo anpil, tout travay p ap janm ka reyalize yon sèl kou. Kidonk sou tout bezwen ki genyen. Asanble yo ta dwe defini bezwen ki pi ijan pou yo wè ki travay ki pi ijan, se sa yo rele priyorite. Priyorite yo pa dwe ale nan enterè yon sèl moun oubyen yon ti ponyen moun, yo dwe kapab reponn ak bezwen pi fò moun. Fòk yo prevwa yo pou yon preyòd yon ane, ki vle di, yon ane pa ta dwe pase san dirijan yo pa atake priyorite sa yo.

Bi: Se chache akò popilasyon an sou priyorite asanble zòn nan te defini, se chache tou, sijesyon li genyen sou sa ki ta dwe fèt. Kapab gen yon moman tou lan reyinyon sa yo, pou popilasyon an bay konsèy sou fonksyonman Administrasyon Piblik (biwo leta) la, kolektivite a konsènan difikilte ki egziste, yon mannyè pou yo jwenn pi bon sèvis.

Preparasyon Reyinyon Konsiltasyon an

Se manm asanble yo ki gen pou prepare alavans reyinyon sila sa yo, sa dwe fèt nan etap sa yo:

- Diskite sou pwoblèm ki egziste nan zòn antre yo.

- Pale ak moun yo nan ti vizit lakay yo sou pwoblèm yo, wè ki solisyon ki posib.

- Ekri lis pwojè ki pou ta tanmen nan ane a.

- Chache kote pou reyinyon an fèt.

- Avèti moun yo 15 jou davans sou dat, lè, kote rcyinyon an ap fèt.

- Pandan yon mwa davans, motive moun yo sou nesesite pou yo prezan pou yo ka fè pawol yo pase.

32

Fè lis koze ki pral diskite, ki vle di, òd di jou a.

Dewoulman Reyinyon Konsiltasyon:

1. Ouvèti

Nan ouvèti a, prezidan an ka remèsye tout moun pou prezans yo, bay eksplikasyon sou bi reyinyon an, envite moun yo suiv kèk regleman disiplin pou bon dewoulman reyinyon an, chwazi yon moderatè ak konsantman moun yo. Sekretè asanble a ka pran nòt.

2. Deba

Anvan deba a louvri moderatè a dwe prezante òd di jou a. Mande moun yo pran chak pwen youn apre lòt. Li ka verifye si pa gen tansyon si tout moun alèz pou tanmen diskisyon an. Se apre sa li ka poze keksyon sou pwopozisyon yo, tankou:

1. Kòman nou wè pwopozisyon yo?

2. Si moun yo pa reponn tousuit, kontinye ak keksyon sa yo èske pwopozisyon yo lan avantaj tout moun lan kominote a?

3. Ki pwoblèm yo ka rezoud?

Pètèt moun yo ka kòmanse soulve yon seri pwoblèm pwopozisyon yo pa touche. Li enpòtan pou kite yo pale. Apre moderatè a ka mande yo si yo dakò ak pwopozisyon an. Pètèt gen lòt pwopozisyon ki ka kòmanse soti san poko gen repons sou aseptasyon pwopozisyon yo. Li enpòtan pou akò ou dezakò sou pwopozysyon ki te fèt yo fin diskite anvan deba a vire sou lòt pwopozisyon.

Sou ansanm pwopozisyon ki fèt , moderatè a dwe pran yon moman pou li site tout, grenn pa grenn, chèche sa y ap kenbe? Li dwe raple yo nesesite pou pa gen twòp bagay yon sèl kou paske yo tout pap janm rive fèt anmenm tan. Lè yo rive lan pwen konsèy pou biwo leta yo. Moderatè a dwe ekri chak konsèy san li pa pase yo an diskisyon. Apre li ka fè rapèl tout konsèy yo, pou li mande si genyen ladan yo ki pa bon. Konsèy tout moun twouve ki pa bon dwe elimine. Yo pa ka pote yo lan biwo konsène yo.

Apre moman diskisyon sou pwopozisyon ak konsèy pou biwo yo, moderatè a dwe mande tout moun suiv ak anpil atansyon rapèl fè sou tout desizyon ki te

33

pran. Li dwe pran desizyon yo pa kategori. Kategori ki antren nan pwopozisyon pou zòn nan ak kategori ki antre lan konsèy pou bòn mach biwo leta yo. Si pandan l ap fè rapèl desizyon yo, deba a tanmen rekòmanse, li dwe jis mande moun yo refòmile, pote presizyon sou sa pou li ekri, si malgre sa, diskisyon ta vle pran chè, li dwe jis verifye eske se yon desizyon ki adopte ou pa, pou li sèten si li dwe ekri li ou non.

Anvan tout moun kouri ale, moderatè a dwe enterese yo rete yon ti moman tou kout pou yo fè evalyasyon reyinyon an. Keksyon ki ka poze pou sa se: Eske tout bagay byen pase? Eske tout moun satisfè? Ki rekòmandasyon ki genyen pou bòn mach reyinyon yo yon pwochèn fwa.

3. Fèmti

Anvan reyinyon an fini, li enpòtan anpil pou prezidan asanble a fè moun yo konnen pwopozisyon yo prale devan konsèy yo. Si gen randevou ki kase raple yo sa. Si pral gen vizit konsèy kominal oswa konsèy depatmantal, fè yo konnen.

Pa bliye: Kalite reyinyon sa yo se reyinyon konsètasyon yo ye. Ki vle di tout moun ap panche sou yon bagay pou yo chache antann yo sou li. Li pa ta bon pou reyinyon sa yo gen tandans chache konvenk moun yo sou pwopozisyon ki te fèt. Okontrè si moun yo pa dakò ditou ak pwopozisyon ki te fèt yo, li pi enpòtan pou tout moun chache rezon ki fè yo pa dakò a. Dapre lòt pwopozisyon ki sòti, li ta bon tou pou chèche agiman ak jistifikasyon yo; konsa li ka pi fasil pou tout moun rive antann yo.

34

Wòl moderatè a nan reyinyon konsètasyon an

Chèche wè si pa gen desizyon ki adopte ak yon majorite fèb, paske li ta toujou pi bon pou gen inanimite sou chak desizyon ki vle di tout moun dakò. (Avantaj inanimite sou chak desizyon lan yon reyinyon konsètasyon, se pataj responsablite tout moun genyen parapòta desizyon yo te pran. Sa anpeche moun lage fot sou lòt moun paske tout moun te dakò).

Eklèsi chak pwopozisyon pou okenn konfizyon pa layite lan tèt pèsonn.

Sou chak pwopozisyon ki gen dezakò, mande moun yo avantaj yo wè ak dezavantaj yo wè sou menm pwopozisyon an.

Pa konfonn kòmantè ak pwopozisyon.

Lè anpil pale fèt sou yon pwoblèm, pa kite moun yo repete menm sa yo te di deja san fen, mande yo pwopozisyon sou pwoblèm nan.

Fòk desizyon yo pa pran alavavit, mezire byen avantaj yo.

Si gen moun ki gen tandans enfliyanse tout moun pou fè desizyon yo pase, mande tout moun pale sou avantaj ak dezavantaj pwopozisyon moun sa a. Pa kite pèsonn kwape pawòl okenn moun lan moman sa a.

Pa trennen sou pwopozisyon moun yo deja dakò.

Pa kite moun yo fatige lan twòp vire won sou detay paske yo bezwen klate nan lespri yo pou yo ka deside.

Evite pou yon ti ponyen notab pa kenbe kòn nan pou kont yo. Mande moun ki pa janm pale avantaj oswa dezavantaj yon pwopozisyon

Fason pou moderatè a chache konsansis 1) Verifye sou kisa ki gen dezakò ak sou kisa ki gen akò. 2) Detekte si dezakò yo se sou dezavantaj yo chita oswa sou lòt bagay.

36

DEKONSANTRASYON

Lè moun k ap viv nan kolektivite lokal yo jwenn tout kalite sèvis leta mete a dispozisyon yo san yo pa bezwen rantre pòtoprens, nou ka pale de dekonsantrasyon.

Dekonsantrasyon se yon sistèm ki pèmèt otorite nan sikonskripsyon administratif yo gen nan men yo pouvwa pou yo pran desizyon.

Dekonsantrasyon nan twa (3) pouvwa leta yo.

Pouvwa ekzekitif ak dekonsantrasyon

Se nan komin nan, biwo lokal ministè yo ak sekreteri deta yo chita.

Nan sans sa a, konsèy minisipal la dwe asire I sèvis ministè ak sèvis sekreteri deta yo bay nan bon kondisyon. Kidonk, se pou komin nan jwenn bonjan antretyen ak sèvis sa yo nan yon lespri kolaborasyon ak tèt ansanm nan avantaj tout moun. Konsèy minisipal la ka mande konkou ak asistans biwo ministè sa yo sou teren an pou fè administrasyon komin nan pwogrese. Nan lapratik, pouvwa lokal yo ta dwe gen je sou kouman biwo sa yo ap fonksyone epi kolabore avèk yo.

Pou kowòdone travay sa yo nan tout komin yo, ekzekitif la gen yon delege nan chak awondisman epi yon vis delege nan chak chèflye awondisman yo. Delege yo ak vis delege yo se reprezantan dirèk ekzekitif la.

Pouvwa jidisyè ak dekonsantrasyon

Se tribinal yo ak jij ki ladan yo ki reprezante pouvwa jidisyè a nan tout peyi a. Pa egzanp nan chak komin ou jwenn yon tribinal depè ki la pou mete ola lè gen chirepit nan mitan sitwayen yo epi pini koupab yo daprè lalwa. Genyen antou 14 tribinal sivil nan pi gran vil nan peyi a; epi nan chak nou jwenn yon grefye ak yon isye.

37

Pouvwa lejislatif ak dekonsantrasyon

Nan chak depatman nou jwenn twa (3) senatè ki reprezante 1.

Epi nan chak sikonskripsyon nou jwenn yon depite.

Palmantè sa yo ta dwe bay moun ki te vote yo a rapò de travay y ap fè.

Yo ta dwe mete popilasyon zòn yo a tou okouran de lwa ki gen pou vote, lwa ki vote, lwa ki toujou anvigè defason pou moun sa yo gen bonjan enfòmasyon sou lwa ki ekziste, aplike yo, epi veye pou yo pa vyole yo.

Kidonk, dekonsantrasyon an se yon pyès enpòtan pou fè yon leta mache e bay tout sitwayen yo dwa pou yo patisipe jan prensip la mande 1.

39

Chema twa (3) pouvwa selon konstitisyon an,

Pouvwa Santral:

Teritwa Nasyonal

separasyon peyi a an zòn

Pouvwa

Leiislatif

Pouvwa Ekzekitif

Prezidan Repiblik la

Gouvènm~n

Premye

, ,

Minic

Konsèy

Minic

Ministè

LajÉJ

Pouvwa Rejyonal: Depatman

Konsèy entèdeantm~nt~'

r~ ~_ j _ ~ l

_ _ l

AsanUle depalmantal

Pouvwa Lokal:

Komin / Seksyon Kominal

Konsey

Asanble Minisipal

__ . ,~

~=:

[ k<= èy depatrnantal

~-

Komin

Konsey Seksyon

Lôt Ministè ak

seRreteri Leta yo

Kominal (KASEK)

AsanUle Seksyon Kominal (ASEK)

40

Desantralizasyon

Desantralizasyon se yon fason konstitisyon an prevwa pataj responsablite leta a, nan tout kolektivite teritoryal yo. Pou desantralizasyon an fèt, konstitisyon an pèmèt kolektivite yo dirije tèt yo an granmoun pa lantremiz Konsèy ak Asanble yo. Asanble yo la pou ede Konsèy yo nan travay yo.

Ki sa yon konsèy ye?

Yon konsèy se yon gwoup moun ki pataje yon pouvwa konstitisyon an bay yo. Pou yo dirije swa yon seksyon kominal, swa yon komin, swa yon depatman.

Pouvwa sa a se nan eleksyon yo jwenn li, manda li dire kat (4) lane. Apre manda sa a, yo gen dwa ale nan lòt eleksyon, si yo vle.

Nou jwenn plizyè konsèy dapre konstitisyon an tankou:

Konsèy seksyon kominal

Konsèy minisipal

Konsèy depatmantal

Konsèy entèdepatmanta]

Konsèy seksyon kominal

Nan tèt chak seksyon kominal nou jwenn yon konsèy ki gen twa (3) manm ki pase nan eleksyon pou yon manda katran. Se tout sitwayen nan seksyon kominal la ki vote konsèy sa a. Moun sa yo kapab al nan eleksyon ankò apre manda yo bout, depi yo vle.Se lalwa ki di kouman pou seksyon kominal la òganize ak kouman pou 1 mache.

Se KASÈK, konsèy administrasyon seksyon kominal, ki se premye enstans nan seksyon an.

41

KASEK la, la pou egzekite travay konstitisyon peyi a avèk lòt lwa yo konfye 1. Nan sans sa a, KASÈK la ta dwe gen pou misyon mennen bak seksyon kominal la byen, yon fason pou fè li vanse.

Leta ta dwe degage 1 pou chak seksyon kominal rive jwenn tout mwayen pou yo bay bon jan randman. Fòk tout moun nan seksyon an, kapab aprann travay nan avantaj zòn li ak nan avantaj tout peyi a.

Wòl yon KASÈK dapre Iwa 12 desanm 1991 la.

Konstitisyon mas 87 la pa di anyen sou wòl KASÈK yo. Men lwa 12 desanm 1991 lan bay KASÈK la misyon:

- Okipe zafè seksyon an.

- Travay nan sans estrikti leta osinon komin ki tabli nan seksyon an, gen bon antretyen epi veye si tout fonksyone byen pou pèmèt abitan nan seksyon an jwenn tout kalite sèvis ki ka fè yo fè pwogrè nan tout domèn ki gen arevwa ak devlopman yo nan sosyete a.

Prepare lan tèt kole avèk lòt sèvis leta osinon komin nan, pwojè yo santi ki kapab mete seksyon an sou de pye 1.

Ankouraje popilasyon an epi ede 1 òganize tèt li pou li kapab mete an valè resous seksyon an.

Prepare lis sitwayen ki gen pou 1 al sèvi kòm jire nan tribinal kriminèl, lis sa a k ap gen pou fè sèvis militè epi sèvis sivik.

Prepare epi met devan ASÈK la lis moun yo fè kado tè anndan seksyon an.

Kenbe seksyon an toujou pwòp.

Veye si lòd avèk lapè tabli anndan seksyon an sitou lè gen fèt.

Bay koutmen nan preparasyon pwojè bidjè seksyon an, bidjè k ap gen pou resevwa dizon ASÈK la avan 1 al jwenn konsèy kominal la k ap gen pou rantre 1 nan bidjè jeneral komin nan

42

Veye si lwa yo, desizyon gouvènman an, desizyon konsèy depatman an avèk tout konsèy minisipal yo respekte anndan seksyon an.

Veye si lwa respekte nan ka arestasyon oubyen fèmen moun nan prizon anndan seksyon an; chache konnen si dwa tout moun k ap viv anndan seksyon an byen pwoteje, fè rapò sou sa bay otorite yo

Resevwa gratis deklarasyon ak etasivil, voye yo anrejistre nan tan epi nan jan sa dwe fèt devan ofisye detasivil elatriye.

Kòd riral 1963 a prevwa lòt wòl KASÈK la kapab genyen tankou: nan domèn etasivil, agrikilti, kooperativ, lachas, ranje wout ak fe la pwòpte.

Wòl prezidan KASEK la

Prezidan KASÈK la gen wòl:

Dirije seyans konsèy administrasyon seksyon kominal la.

Ekzekite tout desizyon konsèy ak asanble seksyon kominal la.

Jere ak lòt manm yo tout aktivite lajan, resèt, kado komin nan, nan avantaj seksyon kominal la.

Veye si tout deklarasyon nesans, lanmò byen ekri epi anrejistre devan ofisye etasivil ki gen konpetans pou sa.

Dirije kèk travay ki ka sèvi piblik la.

Veye si tout papye seksyon kominal yo byen konsève.

Kowòdone epi anime ekzekisyon pwojè yo ak aktivite ki gen arevwa ak relèvman seksyon kominal la.

Veye avèk atansyon ekzekisyon pwojè yo.

Men 4 kondisyon pou vin manm KASÈK

43

Pou vin manm KASÈK fòk:

1) Ou se Ayisyen dorijin.

2) Ou gen 25 an pou pipiti.

3) Ou te rete nan seksyon an 2 zan avan eleksyon yo epi fòk ou toujou ap viv ladann.

4) Ou jwi tout dwa sivil ak politik ou epi fòk lalwa pat janm kondane w pou movezak.

Konsèy minisipal

Nan tèt chak komin nou jwenn yon konsèy twa (3) manm ki pase nan eleksyon pou yon manda katran. Yo rele konsèy sa a konsèy minisipal oswa konsèy kominal. Se tout sitwayen nan komin nan ki vote pou yo. Moun sa yo kapab al nan eleksyon ankò apre manda yo bout, depi yo vle.

Yo rele prezidan konsèy sa a Majistra kominal. Li gen de (2) Majistra kominal adjwen, pou ede 1 nan travay li.

Chak komin otonòm, ki vle di granmoun lakay li. Se lalwa ki di kouman pou konsèy minisipal la òganize ak kouman pou 1 mache.

Chak konsèy minisipal gen dwa mande administrasyon santral peyi a, ba 1 yon ekip teknisyen ki pou ba 1 ankadreman nan travay li gen pou 1 fè.

Men rezon ki ka fè yon konsèy kraze; si yon tribinal deklare sa:

Si gen twòp lese grennen.

Si gen volò.

Se sèl tribinal la ki kapab deklare konsèy minisipal la kraze.

Wòl konsèy minisipal la dapre dekrè 22 obtob 1982

Konsèy minisipal la gen pou wòl:

a) Prepare nan tèt kole ak òganis piblik ki konpetan yo plan amenajman teritwa kominal la ki kapab fè bouk ak vil ki depann de li a vin bèl, epi fè ekzekite tout lwa ki gen arevwa a amenajman vil sa yo.

44

b) Ankouraje gwoupman kominotè ak koperativ yo. Ede yo jwenn repons ak kesyon nan pwoblèm ekonomik, sosyo kiltirèl ak anviwonman.

c) Fè yon ti pase men nan wout ak chemen yo, kè, plas piblik, jaden piblik, abatwa,

simityè elatriye

d) Mete kanpe epi eksplwate pak pou otomobil ak kote pou yo mete yo.

e) Mete kanpe epi administre sal espektak tankou teyat, kreye lekòl klasik ak pwofesyonèl.

f) Pwoteje, antreteni, eksplwate bèl kote ak bèl sit natirèl oubyen istorik yo nan tèt kole

ak administrasyon konpetan.

g) Mete kanpe epi administre sèvis pwoteksyon sitwayen yo nan tèt kole ak lòt aganis yo.

h) Mete kanpe epi administre kote k ap bay sekou yo.

i) Bay kouman pou yo jere byen komin yo ak sa pou yo fè ak byen sa yo.

j) ()ganize fèt patwonal yo, fè ekspozisyon elatriye

k) Bay pwoteksyon pou kil yo ka fèt nan legliz yo elatriye

Wòl Majistra nan Komin nan dapre dekrè 22 oktòb 1982

45

Majistra a gen pou wòl:

a) ekzekite tout desizyon Konsèy Minisipal la, se li ki pibliye arete yo epi fè ekzekite lwa yo ak tout lòt mezi ki konsène lakomin nan; b) reprezante lakomin nan devan lajistis avèk yon otorizasyon ekri Konsèy la ba li;

c) kontwole ak siveye tout byen ak enterè komin nan dapre lalwa, epi bay fanmi yo ak tout byen fanmi yo genyen sekirite nèt ale;

d) fè antretyen, devlopman ak pwotejman pou tè yo ki nan komin nan epi eksplwate yo nan kondisyon ke Konsèy la defini;

e) prepare bidjè pou komin nan ka fonksyone epi fè envestisman; f) kontwole resèt òdinè ak esktraòdinè komin nan; g) fè resansman, envantè, epi evalye lòt mwayen pou antre lajan nan yon fòm legal; h) bay lòd pou yo fè depans san pa gen gagòt; i) jere tout aktivite lajan komin nan elatriye...

Majistra se a alafwa otorite ekzekitif Konsèy Kominal la, sa vle di se li ki ekzekite tout desizyon Konsèy la pran, epi se li k ap fè administrasyon komin nan mache byen. Nan ki kondisyon ou vin manm Konsèy Minisipal?

Pou vin manm Konsèy Minisipal fòk ou pase nan yon eleksyon ki fèt chak katran (4 an). Kantite moun ki fèt pou nan Konsèy Minisipal la pa fèt pou depase twa. Pou w kapab manm fòk ou gen 25 an, jwi tout dwa sivil ou ak politik ou epi fòk ou te pase 3 lane ap viv nan komin nan e toujou ap viv ladann.

46

Konsèy depatman an.

Nan tèt chak depatman nou jwenn yon konsèy twa (3) manm ki pase nan eleksyon pou yon manda katran (4 an). Yo rele konsèy sa a, konsèy depatman. Se asanble depatman an ki vote twa (3) manm sa yo.

Yo pa oblije chwazi manm konsèy depatman an, nan manm asanble depatman an.

Pou lalwa ak lajistis, depatman an se tankou yon moun ki granmoun lakay li.

Konsèy depatman an mete ansanm ak administrasyon santral peyi a pou yo kalkile tout mwayen ki va mete depatman an nan wout pwogrè.

Lalwa gen pou 1 deside kouman pou konsèy depatman an òganize ak kouman pou 1 mache.

Men pou ki rezon yo gen dwa deklare yon konsèy depatman kraze:

Si gen twòp lese grenen

Si gen vòlò

Epi se sèl tribinal la ki kapab deklare konsèy la kraze

Wòl konsèy depatman an

Konstitisyon an pa detaye nèt tout sa konsèy la genyen pou 1 mennen apre jere ak administre.

Konsèy entèdepatmantal

Gen yon konsèy entèdepatmantal ki fòme ak yon manm ki soti nan chak asanble depatman. Chak manm anndan konsèy entèdepatmantal la ka sèvi kontak ant depatman li ak pouvwa ekzekitif la. Konsèy entèdepatmantal la travay avèk ekzekitif la pou kalkile tout mwayen ki ka mete peyi a sou wout pwogrè.

ASANBLE YO

Ki sa yon asanble ye?

Yon asanble se yon enstitisyon konstitisyon an prevwa pou ede dirijan yo administre volonte majorite pèp la.

Wòl asanble yo?

Wòl asanble yo se rive fè tout sitwayen kap viv nan yon lokalite patisipe nan tout desizyon kap pran konsènan zòn y ap viv la, epi kontwole sa kap regle nan tout kesyon tankou: zafè lekòl, lasante, lajistis, travay, elatriye...

Se apre tèt ansanm ak chita tande ak popilasyon an, nan chak lokalite, asanble yo ap gen pou monte plan, pwojè ak pwogram chak seksyon, chak komin, chak depatman.

Asanble yo ap gen pou ranmase tout enfòmasyon ki nesesè; fè presyon sou teknisyen ak eli yo, pou yo antre anndan pwogram ak aktivite yo chwazi pou devlopman zòn yo.

Konstitisyon an kreye asanble nan twa gran zòn:

1. Nan Seksyon kominal, gen asanble seksyon kominal;

2. Nan Komin, gen asanble minisipal oswa asanble kominal;

3. Nan Depatman, gen asanble depatman.

Kijan pou Asanble yo fòme?

Konstitisyon an prevwa asanble nan kolektivite teritoryal yo, pou ede konsèy yo nan travay yo. Men li pa bay okenn eksplikasyon klè sou jan yo dwe fòme ak wòl yo.

Pou asanble minisipal la, konstitisyon an mande se yon reprezantan chak seksyon ki pou met tèt ansanm epi fòme 1.

Gen yon asanble depatman ki la pou li ede konsèy depatman an nan travay li. Asanble depatman an fòme ak yon reprezantan chak asanble minisipal.

Men moun k ap gen dwa patisipe nan reyinyon asanble depatman an epi bay opinyon yo san yo pa vote:

- Depite ak senatè depatman an.

- Yon reprezantan chak asosyasyon sosyopwofesyonèl ak sendikal nan depatman an.

- Delege depatman an.

- Direktè sèvis piblik yo nan depatman an.

Lwa sou kolektivite teritoryal yo ta dwe pote repons pi klè sou wòl ak fonksyonman asanble yo nan chak zon. Nan sans sa a, lachanm senatè ak depite dwe fè prese prese pou vote lwa sou kolektivite teritoryal yo.

PLANIFIKASYON SEMINÈ NAN

LOKALITE YO

Sa a sou rekonsablite obsèvatè MICIVIH ki nan tèt baz yo, se yo menn ki pral wè ak animatè chak zòn kouman yo pral reyalize seminè nan lokalite yo, yo pral etidye tout kalte modalite ansann tankou:

Dat pou sa fèt

Materyèl pou reyalize fòmasyon an

Elatriye

47

Wòl konsèy entèdepatmantal la

Konsèy entèdepatmantal la, nan tèt ansanm ak pouvwa ekzekitif la, va etidye epi fè plan pou pwojè desantralizasyon an ak devlopman peyi a sou pwen sosyal ak sou pwen ekonomik.

ANNFXF.

RAPO REYINYON KONSILTASYON AK POPILASYON AN

Non kolektivte a

.

Dat reyinyon an te fèt:

Bagay pou nou tounen sou yo

Ki koze oubyen ki desizyon ki pral rediskite ankò nan pwochen reyinyon an?

2

RAPO REYINYON KONSILTASYON

AK POPILASYON AN

Non kolektivite a:Dat REYINYON an te fèt:

KONSEY KI TE BAY

KONSÈNAN BON MACH BIWO LETA YO

MODEL # 2

RAPO REYINYON KONSILTASYON AK

POPILASYON

Non kolektivite a:

_______________

Dat rcyinyon an te fèt:_ _______

OD DI JOU

1. PREZANTASYON PWOPOZISYON ASANBLE A

2. REYAKSYON SOU PWOPOZISYON YO

3. PWOBLÈM ZON NAN AP KONFWONTE / SIGJESYON

4. PWOPOZISYON KI ADOPTE

5. KONSÈY SOU FONKSYONMAN BIWO

LETA KI LAN KOLEKTIVTE A

OB.TEKTIF:

Ki kote nou vle rive, ki sa nap chache nan reyir~yon an ?

Se: jwenn dizon popilasyon yo sou pwojè ki pou reyalize nan kolektivite a ak konsèy yo genyen pou bon mach bIwo leta yo.

MODÈL # 3

RAPO AKTIVITE KOLEKTIVITE A POU PREZANTE NAN ASANBLE JENERAL

A NYF ~ .

2- DEMACH KI TE MENNEN POU REPONN DOLEYANS POPILASYON AN

RAP~ RF,Y1NYON KONtRIl,TASYON AK POPlI,ASYON AN

Non kolektivte a: Dat reyinyon an te fèt:_

Koubyen moun ki te prezan

Finisman Reyinyon an

1- Eske nou rive kote nou te vle a, nan reyinyon an?

wi [ ]

Non [ ]

2- Si se non pou ki sa?

3- Avan moun yo ale fè yo sonje sou ki sa yo te antann yo?

4- Eske gen bagay dwol ki te pase pandan reyinyon an?

wi[]

Ki sa?

Non [ ]

5- Dat ki f-'kse pou pwochen reyinyon an?

-

RAPO REYINYON KONSIETASYON AK POPILASYON AN

Non kolektivite a

Dat reyinyon an te fèt

..

KI SA KI TE DESIDE SOU CHAK PWOPOZISYON

Ki Pwopozisyon

Ki desizyon

4

RAPO RFYTNY(1N KON.SIl~TA~SYON AK POPTl,AtSYON AN

Non kolektivite a

Dat reyinyon an te fèt

DAPRE DESIZYON KI TE PRAN, KI SA KI GEN POU FET?

Ki sa ki POU fèt

Ki moun ki pral fè I

Ki lè

Ki kote

1

4

MODÈL #3 (suit-1)

RAPO AKTIVITE KOEEKTIVITE A POU PREZANTE NAN ASANBLE ,IENERAL

ANYli T

1- Sa ki te Devwa?

Sa ki rive fèt?

MODÈL # 3 ~suit-2ù

RAPO AKTIVITE KOLEKTIVITE A POU PREZANTE NAN ASANBLE JENERAL

3- Pwnhlèm nnn tP r~nkOntrP~

Rekomandasyon parapôta pwoblèm sa yo

MODEL # 4

RAPO FINANSYE: POU PREZANTE NAN ASANBEE

JENERAE ANYÈE KOEEKTIVITE A

Non kolektivite a:

Peryod:

AKTIVITE

YO

BIDJE KI TE

PREVWA

DEPANS KT I RAT,AN.R

FÈT

FONK.SYONMAN RTW~

Sa ki te antre DOU ane

Sa ki soti pou ane

KONSEY LA

OBSEVASYON

Sak rete pou ane