A propos de Beijing...
Gen pitye pou fanm
Sispann kritike fanm
Paske se yo ki ba nou nanm
Se yo ki ba nou manje
Se yo ki souye dlo nan ie
Sispann ba yo baton
Paske se yo ki netwaye koton
Sispann pran fanm fè jwèt
Sispann fè yo fè vye piwèt
Sispann bay fanm kout bòt
Sispann di fanm sòt
Paske se yo ki travay plen midi
Pou yo ka geri n anba maladi
Se yo ki gen bonte
Se yo ki leve avan kòk chante
Pou y al chèche bannann mi
Pou yo ka nouri la fanmi
Sispann bat fanm ak ne banbou
Paske yo redi twòp nan tout vye labou
Pou n pa grangou
Kit lòt bò dlo kit ann Ayiti
Fanm se pa yon bagay ki piti
Epoutan nou wè y ap pase mizè nan lari
Pou n mande sekou fò n rele manman
Mari
Paske se fanm ki ponn ze lanmou
Se fanm ki fè tout bagay di vin mou
Renmen fanm se renmen Bondye
Renmen fanm se gen pitye
Sispann bwè kleren
Pou n pa bat fanm nan ren
Pitye pou fanm, pitye pou fanm
Sispann bay fanm jouman
Si pa gen fanm pa gen manman.
Boursiquot Godfroy
15/9/95 - Micivih-Zen