KI SA MICIVIH YE ?
MICIVIH vle di: Misyon Sivil
Entènasyonal an Ayiti. Se nan mwa
fevrye lane 1993, sou demann prezidan
Aristid ak nan kad efò Kominote
Entènasyonal-la tap fè pou rezoud krIz
peyi d Ayiti a, Oganizasyon Nasyonzini
(ONU) ak Oganizasyon Leta Ameriken
(OEA) te kreye li.
Depi dat sa-a, li te blije kite peyi-a de fwa:
nan mwa oktòb 1993 ak jiyè 1994 pou
rezon sekiritie. Misyon-an rekòmanse
travay nan peyi-a depi 26 oktòb 1994.
| KI OBJEKTIF LI ? An gwo, objektif Misyon-an se fè respekte dwa moun, espesyalman dwa sivil ak politik, selon jan sa ekri nan kontitisyon peyi-a ak nan tout lòt dokiman dwa entènasyonal peyi Dayiti te siyen |
KI KALITE MOUN KI LADAN L?
[MICIVIH gen 64 obsèvatè ki soti nan plis
pase 50 nasyon epi ki gaye nan tout peyi-a. Gen 7 ekip MICIVIH pou 9 depatman
peyi-a. Ekip Nò a kouvri Nòdès ak
Nòdwès.]
KI SA MICIVIH DWE REGLE NAN
PEYI-A ?
MICIVIH resevwa lòd:
MICIVIH gen pouvwa pou li:
OTORITE PEYI-A ?
Selon sa ki di nan manda MICIVIH a,
otorite peyi a pran angajman pou yo bay
Misyon-an tout fasilite li bezwen ak tout
enfòmasyon li mande. Epi otorite yo pa
gen dwa bal pwoblèm nan kad travay li.
Yon lòt bò, otorite ayisyen-yo pa gen dwa
arete ni fèmen nan prizon okenn anplwaye
Misyon-an, ni sezi pyès ak dokiman li gen
nan men l, ni tou anpeche li kominike
avèk radyo oubyen tout lòt mwayen
kominikasyon.
Otorite-yo pa gen dwa tou anpeche manm
Misyon an deplase nan tout peyi-a ni
anpeche yo vizite prizon yo.
Poun fini, Misyon-an fèt pou li bay otorite
ayisyen-yo bon jan konsèy sou tout
keksyon ki rantre nan kad manda li.
KI DIFERANS KI GENYEN ANT MICIVIH AK MANUH ?
MICIVIH genyen yon manda ki pa menm
ak pa MANUH a. MANUH gen ladan l
militè ak polis sivil, alòske MICIVIH gen
sivil sèlman ladan l. Sepandan, MICIVIH
ap travay nan bon jan relasyon avèk
MANUH. Menm jan avèk MANUH, se
Reprezantan Espesyal Sekretè Jeneral
Nasyonzini-a ki ap sipèvize MICIVIH tou.
KI BO YO KA KONTAKTE
MICIVIH?
Biwo santral MICIVIH chita nan Kalfou
Wout Delma ak Delma 31. MICIVIH gen
biwo tou nan:
| . Gonayiv
98, rue Jean Jacques Dessalines Tel: 74-0645
. Okay 162, rue Sténio Vincent Tel: 86-0190
. Okap Villa Norma Rue 11-P Tel: 62-1600
. Jeremi Foyer Culturel Tel: 84-6706
. Ench 35, rue Calvaire
. Jakmèl rue Baranquilla Tel: 88-2678 |
Si yon moun bezwen plis enfòmasyon sou
biwo sa yo, li ka rele nan:
23-4027
23-4044
|
M I C I V I H |
|
MICIVIH |
RESPEKTE DWA MOUN
MICIVIH
Misyon Sivil Entènasyonal an Ayiti, OEA/ONU
P.O. Box 1602
Port-au-Prince
HAITI