C a m p a g n e   U N I F E M

Dépliant dans le cadre de la campagne des agences des Nations Unies, FAO, FNUAP, MICIVIH, OMS-OPS, PAM, PNUD, UNESCO, UNICEF,avec pour partenaires le Ministère à la Condition Féminine et aux Droits de la Femme, les organisations CRESFED, ENFOFANM, GREAFES, HSI,KAY FANM, MAPVIV, MDM-DH, OFECHAD, SOFA.

"YON VI KOTE VYOLANS PA LADAN, SE DWA NOU TOUT"

OU SIBI YON VYOLANS, DENONSE L

 

KI SA VYOLANS NAN YE ?

Vyolans se tout zak yo egzèse sou yon moun avèk fòs, presyon oubyen ak entimidasyon.

KI SA VYOLANS SOU FANM NAN YE ?

Vyolans sou fanm se tout zak maspinay ki fèt sou fanm poutèt li se fanm. Se yon zouti pou kenbe fanm yo anba pye. Li fè fanm nan soufri nan kò li, oswa nan lespri li, tankou : kadejak, tizonnay, kraze zo, kou, kalòt, jouman, fòse fanm nan fè yon bagay li pa vle fè, eksetera…

MOUN KI FÈ ZAK VYOLANS LAN SE KAPAB:

  • Nenpòt ki moun
  • Mari w,
  • Papa pitit ou,
  • Mennaj ou,
  • Yon moun nan fanmi w,
  • Fiyanse w,
  • Zanmi w,
  • Vwazinay ou,
  • Patron w,

Denonse moun ki fè vyolans sou ou ...

Pa kache sitiyasyon an…

Denonse l ...

 

OU VIKTIM VYOLANS MEN SA POU FÈ ?

- Pote plent nan komisarya, nan tribinal, devan jij depè, devan nenpòt lot otorite ki nan zòn nan

 

O Si ou pè, si ou pa santi ou byen, fè yon moun pa w ale avè w

- Ale nan lopital, nan sant sante, kay doktè ki nan zòn nan

O Pa bliye pou fè yo ba ou yon sètifika medikal.

- Pran yon avoka oubyen ale nan òganizasyon ki va ede ou jwenn yon assistans legal.

O Pa bliye sere tout pyès ki ka sèvi w kòm prèv pandan jijman an tankou rad, kilòt ki te sou ou, papye, non moun ki te wè w ki ta ka sèvi w temwen, fè foto kote ou blese, eksetara...

- Chache solidarite bò kote òganizasyon fanm yo.

Chaj vyolans lan lou ! ou pa kapab pote l pou kont ou.

Ou bezwen yo koute w.

Ou bezwen yo ede w.

Ou bezwen santi ou pa pou kont ou.

Ou bezwen jwenn kèk enfomasyon sou dwa w kòm fanm.

Ou bezwen enfòmasyon sou jan pou prepare dosye pou ale devan tribinal.

Ou bezwen kouri kite kote w rete a, pou jwenn yon lòt kote pou ale ann atandan.

W ap jwenn nan do deplyan an, lis òganizasyon ki kapab ede ou.

KI SA LALWA DI ?

Article 254 Code Pénal.- Tout individu qui volontairement aura fait des blessures ou porté des coups ou commis toute autre violence ou voies de fait, s’il est résulté de ces sortes de violence une maladie ou incapacité de travail de plus de vingt jours, sera puni d’un emprisonnement d’un an à trois ans.

Si les violences ci-dessus exprimées ont occasionné une mutilation, une amputation ou la privation de l’usage d’un membre, la cécité, la perte d’un œil, ou d’autres infirmités permanentes, le coupable sera puni de la réclusion.

 

Article 256 Code Pénal.- Alinéa 2.- Si les coups sont portés au visage, le coupable sera puni d’un emprisonnement de six mois à deux ans.

 

Article 279 Code Pénal.- Quiconque aura commis le crime de viol, ou sera coupable de tout autre attentat à la pudeur, consommé ou tenté avec violence contre des individus de l’un ou de l’autre sexe, sera puni de la réclusion.

 

Article 280 Code Pénal.- Si le crime a été commis sur la personne d'un enfant de quinze ans accomplis, le coupable subira la peine des travaux forcés à temps.

 

Art. 281 Code Pénal.- La peine sera celle des travaux forcés à perpétuité, si les coupables sont de la classe de ceux qui ont autorité sur la personne envers laquelle ils ont commis l’attentat (...).

 

Kounye a, y ap revize lwa yo.

Depi mwa septanm 1998, gen kèk pwopozisyon nan palman an pou change lwa sou vyolans k ap fèt sou fanm.

 

Dwa nou se pa nou, ann pote kole pou fè yo pase.

Men kèk enstitisyon ak òganizasyon fanm ou kapab kontakte :

Enstitisyon leta

. Ministè Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm / Delege depatmantal yo : enfòmasyon, bay enfòmasyon kote pou jwenn asistans legal.

Angles rues Géffrard et Piquant Tél. 22-4962

 

Òganizasyon fanm nan sosyete sivil la

1- Òganizasyon pou asistans medikal, sikolojik ak legal spesyalman pou fanm ki viktim vyolans

. Kay Fanm : asistans legal, asistans medikal ak sikolojik

# 11 rue Armand Holly, Tél: 45-5174 / 45-4221

. Solidarite Fanm Ayisyèn (SOFA) : konsèy, enfòmasyon, asistans medikal

Clinique SOFA # 27 Martissant 7, route Manigat, rue Martin,

impasse St Macary, Tél: 45-8477

2- Òganizasyon pou fòmasyon ak enfòmasyon

. Centre de Promotion des Femmes Ouvrières : fòmasyon, enfòmasyon, devlopman moun (développement humain), asistans medikal ak sèvis jinekolojik, asistans legal. # 14 rue Barbancourt, Route de l’Aéroport

. ENFOFANM : fòmasyon ak enfòmasyon.

# 3 bis rue Sapotille Pacot, Tél: 45-1930

. Groupe d’Appui et d'Encadrement aux Femmes (GRAEFES) : fòmasyon, konsèy, enfòmasyon. # 9 rue Capois (bò kote restoran "table ronde").

. Organisation des Femmes Chrétiennes Haïtiennes pour le développement (OFECHAD), konsèy ak enfòmasyon.

# 9 Delmas 33, Port-au-Prince, Tel : 49 02 20

Ou kab kontakte tout òganizasyon ki nan zòn ou osnon ki nan kominote ou.

debut.gif (1611 bytes)

A C T I V I T É S   E N    H A I T I

Communiqué de presse
Exposition "Le Parcours" - Historique de la Déclaration Universelle
Dépliant sur la déclaration Universelle
Deplyan Deklarasyon Inivèsèl
Campagne UNIFEM
Attribution d'un fonds documentaire
Concours UNESCO
Conférences sur la Déclaration Universelle des droits de l'homme
Testez vos connaissances

oeaun.gif (4641 bytes)