D e p l y a n    - en kreol
1948- 1998

Deklarasyon Inivèsèl

dwa moun

" Se nou ki pou reyalize dwa sa yo, Kounye a, pou toutan.
Dwa moun se dwa pa n.
Pran yo.
Defann yo.
Favorize yo.
Konprann yo epi fè konnen yo.
Nouri yo epi anrichi yo.
Yo se pi gwo dezi tout moun sou latè toutbon.
Dwa moun se sa nou genyen ki pi bon lakay nou.
Rann yo vivan.
"

Mesye Kofi Anann
Sekretè jeneral òganizasyon Nasyonzini

1945 : Manman lwa Nasyonzini
Dwa pou tout moun

Apre tout krim ki te fèt nan Dezyèm gè mondyal la, manm fondatè Nasyonzini yo te mobilize anfavè dwa moun, manman lwa Nasyonzini mande pou yo respekte epi pou yo fè pwomosyon yo.

Kòm Ayiti se youn nan peyi ki manm fondatè Nasyonzini, li te la nan konferans Sann Fransisko a, kote reprezantan li te siyen manman lwa a. Depi lè yo te kòmanse sèvi ak manman lwa Nasyonzini, 24 oktòb 1945, peyi ki manm yo te pran angajman pou yo ni devlope ni ankouraje " respè dwa moun ak libète fondamantal pou tout moun, san diferans ras, diferans fanm ak gason, diferans lang osnon relijyon ".

Delege ki te soti nan 40 òganizasyon ki pa sou kont gouvènman te apiye tèks sa a.

 

1946 : Komisyon pou dwa moun

An 1946, Nasyonzini mete Komisyon pou dwa moun sou pye e se madam Eleyonò Wousvèlt, yon militan dwa moun, ki te alatèt Komisyon sa a. Komisyon an t ap chèche defini dwa ak libète tout moun.

O kòmansman, li te gen 18 manm. Kounye a li gen 53 manm. Yo reyini chak ane pou yo devlope nouvo prensip, yo pral fè sèvi kòm lwa, epi pou yo fè rekòmandasyon bay gouvènman yo.

Òganizasyon ki pa sou kont gouvènman gen yon wòl aktif nan travay Komisyon an.

 

1948 : Adopsyon Deklarasyon Inivèsèl dwa moun

Apre 1400 tou vòt kote 58 peyi ki te manm, nan epòk sa a, te etidye chak mo ak chak atik yon fason sevè, peyi sa yo ki te vin fòme Asanble Jeneral te adopte Deklarasyon inivèsèl dwa moun 10 desanm 1948, nan vil Pari nan Palè Chayo.

Malgre kèk diferans lide, diferans politik, diferans relijyon, diferans kiltirèl, diferans sosyal ak diferans ekonomik ki egziste ant peyi ki manm yo, yo tout te jwenn rezilta yo te bezwen ak sa yo ta renmen ki fèt, nan Deklarasyon inivèsèl dwa moun.

Pa t gen okenn lòt gwo dokiman kon sa, anvan sa. Deklarasyon inivèsèl dwa moun di ki dwa ak ki libète chak moun genyen, ansanm ak dwa ekonomik ak dwa sosyal, dwa kiltirèl ki vo pou tout moun. Li bati sou yon prensip fondamantal : diyite ki anndan tout moun. Diyite sa a ak dwa pou moun viv lib, egal ego, se pa bagay moun kab pran nan men yo, sètadi yo pa kab retire yo.

Deklarasyon an rekonèt " diyite ki anndan tout manm fanmi ki sou tè a... se baz libète, jistis ak lapè tout kote sou latè " epi li makonnen ak konesans sou dwa fondamantal chak moun vle genyen, tankou: dwa ki pa pèmèt yo maspinen moun ni ba yo trètman ki mete yo nan kondisyon bèt ; dwa pou yo gen opinyon, pou yo pale lib, pou yo jwenn edikasyon, pou yo panse lib, pou yo gen libète konsyans ak relijyon ; dwa pou y al chèche refij lè y ap pèsekite yo, pou yo jwenn refij nan lòt peyi ; dwa pou yo gen yon bon kondisyon lavi, epiitou dwa pou yo posede byen.

 

1998 : Ane pou dwa moun

 

Ane 1998 la se yon ane enpòtan pou dwa moun, paske pandan tout ane a, y ap fete anivèsè Deklarasyon inivèsèl dwa moun tout kote sou latè.

Nan konferans mondyal sou dwa moun ki te fèt Vyèn (Otrich) nan mwa jen 1993, 171 peyi te dakò yon lòt fwa, dwa moun se bagay ki inivèsèl, yo pa kab depatcha, epi youn depann de lòt. Peyi sa yo te di yo toujou dakò ak Deklarasyon inivèsèl dwa moun. Yo te adopte Deklarasyon ak pwogram Vyèn ki prezante yon nouvo kad pou pèmèt nou fè yon apwòch ki konsidere reyalite chak peyi apa nan pwomosyon dwa moun ak patisipasyon tout moun ki konsène sou plan lokal, nasyonal ak entènasyonal. Premye egzamen sou jan pwogram nan ap mache ap fèt an 1998.

Aktivite yo prevwa pou selebre Deklarasyon an, pou ane dwa moun sa a, ap chèche :

- Fè dwa moun vin yon reyalite tout kote sou latè ;

- Pran devan pou konbat kesyon pase dwa moun anba pye a ;

- Pèmèt tout moun travay men nan men toupatou sou kesyon dwa moun ;

- Fè dwa moun tounen prensip ki pi enpòtan pou venteyinyèm syèk la an menm tan ak lapè, demokrasi ak devlopman.

Nan entwodiksyon Konstitisyon peyi d Ayiti a, nan premye paragraf la, pèp ayisyen "pwo-klame Konstitisyon sa a pou li asire tout dwa li genyen, moun pa ka pran nan men l, moun pa ka chanje : dwa pou li jwenn lavi, pou li viv lib epi pou li toujou chèche viv alèz, menm jan ak sa ki ekri nan tèks endepandans peyi d Ayiti depi 1804; dwa sa yo menm ak sa ki nan Deklarasyon inivèsèl dwa moun ki fèt an 1948".

 

1998 : Travay Misyon Sivil ann Ayiti nan kesyon dwa moun

Pou Misyon sivil la ede enstitisyon demokratik yo vin pi fèm epi pou kontinye pèmèt yon klima libète ak tolerans tabli pou demokrasi a kab solid ann Ayiti pou lontan, Misyon an ap travay nan twa prensipal domèn:

- Asistans teknik (fè enstitisyon yo vin pi konsekan, epi pèmèt gen plis kapasite lokal);

- Pwomosyon dwa moun ak fòmasyon sivik ;

- Veye sou sitiyasyon dwa moun.

Travay sa yo se aktivite ki vin konplete youn lòt. Lè gen voye je ki fèt tanzantan sou sitiyasyon dwa moun, Misyon an kab wè pwen ki fèb yo epi aktivite asistans teknik yo, aktivite fòmasyon ak pwomosyon ap pèmèt yo jwenn yon solisyon, nan travay pou fè enstitisyon ki la yo vin pi djanm ; se sou do enstitisyon sa yo travay pwoteksyon ak pwomosyon dwa moun chita (lapolis, prizon, sistèm lajistis, pwotektè sitwayen ak òganizasyon dwa moun ki pa sou kont gouvènman).

Gras a divès kalite aktivite ki mare youn ak lòt, Misyon sivil la ede enstitisyon yo tout jan pou yo devlope epi li travay pou kore demokrasi a. Li te travay pou anpeche vyolasyon dwa moun fèt, pou fè sitiyasyon moun ki te viktim vyolasyon dwa moun vin pi bon, pou ba yo asistans medikal ; li te ankouraje sistèm lajistis la, lapolis ak administrasyon prizon pou yo respekte dwa moun, pou yo respekte tout prensip ki chita sou lalwa ak akò entènasyonal OEA ak Nasyonzini te adopte epi Ayiti te ratifye ; li te ankouraje anpil fonksyonè ak moun ki te pase nan eleksyon lib pou yo chèche gen konpetans, aprann teknik ak pi bon fason pou travay yo fèt pou enstitisyon yo kab devlope toutbon vre ; li te patisipe nan travay pou refòm nan sistèm lajistis, pou yon deba fèt sou kesyon sa a ak lòt kesyon ki mare ak li, tankou : kenbe moun nan prizon pou anpil tan pou mennen ankèt, goumen kont sitiyasyon moun koupab ki pa jwenn pinisyon, reparasyon pou tout tò yo fè moun ki sibi vyolasyon dwa moun, epi fè yo jwenn plas yo nan sosyete a, yon lòt fwa ; li te ede yo kreye biwo pwotektè sitwayen ki gen yon wòl enpòtan nan pwomosyon dwa moun ; li te pèmèt òganizasyon lokal ki pa sou kont gouvènman yo vin gen plis kapasite nan kesyon dwa moun ansanm ak òganizasyon sosyete sivil la.

Pou kounye a, Misyon an prezan nan tout depatman peyi a. Ekip li yo ap travay pou mete yon sistèm kolaborasyon kanpe ant enstitisyon lokal yo, moun pèp la chwazi nan eleksyon, òganizasyon ki pa sou kont gouvènman, ak lòt sektè sosyete sivil la, e medya yo ladan tou.

Pou n konnen aktivite ki pwograme pou fete senkantyèm anivèsè Deklarasyon inivèsèl dwa moun, nou kab kontakte biwo rejyonal Misyon sivil la osnon biwo santral la ki Pòtoprens.

 

Misyon Sivil Entènasyonal an Ayiti OEA-ONU
Route de Delmas, angle de Delmas 31
Port-au-Prince, Haïti
Tel : 46-2025 ext.23118
Fax : 46-2026
Cap Haïtien : 62-1600
Gonaïves : 74-0645
Hinche : 77-0117,
Jacmel : 88-2678/88-2703
Jérémie : 84-6706,
Les Cayes : 86-0190
Port de Paix : 68-6873,
Fort Liberté : 62-0611

debut.gif (1611 bytes)

A C T I V I T É S   E N   H A I T I

Communiqué de presse
Exposition "Le Parcours" - Historique de la Déclaration Universelle
Dépliant sur la déclaration Universelle
Deplyan Deklarasyon Inivèsèl
Campagne UNIFEM
Attribution d'un fonds documentaire
Concours UNESCO
Conférences sur la Déclaration Universelle des droits de l'homme
Testez vos connaissances

oeaun.gif (4641 bytes)