| Deklarasyon inivèsèl Dwa moun 1948 - 1998 |
|
| Déclaration Universelle des droits de l'homme | |
| Entwodiksyon Lè nou konsidere diyite ki andedan tout moun sou tè a ak dwa yo genyen ki egal ego, pèsonn moun pa kab pran nan men yo, se baz libète, lajistis ak lapè sou tout tè a san manke tikras, Lè nou konsidere inyorans epi pase dwa moun anba pye te lakòz anpil move zak ki revòlte konsyans tout moun tout kote sou latè, yon nouvo tè kote tout moun va pale lib, kote yo va kwè sa yo vle, kote yo va soti anba laperèz ak lamizè se pi gwo espwa tout moun sou tè a, Lè nou konsidere sa enpòtan pou gen yon Leta ki chita sou lalwa, pou evite sitwayen yo sèvi ak revòlt pou yo konbat kraze zo ak represyon, Lè nou konsidere sa enpòtan pou ankouraje tout nasyon devlope relasyon zanmitay youn ak lòt, Lè nou konsidere prensip fondamantal manman lwa Nasyonzini, kote yon lòt fwa ankò pèp Nasyonzini yo montre jan yo kwè nan dwa fondamantal tout moun, nan diyite ak valè chak moun, nan dwa egal ego gason ak fanm. Pèp sa yo deklare yo deside travay pou sosyete a fè pwogrè, epi pou yo mete bon kondisyon sou pye pou lavi miyò tabli, pou gen plis libète, Lè nou konsidere peyi ki manm Nasyonzini yo te pran angajman pou yo travay men nan men avèk Òganizasyon Nasyonzini pou fè respekte dwa moun ak libète fondamantal yo toutbon vre, tout kote sou latè, Lè nou konsidere sa enpòtan anpil pou tout peyi sou latè konprann dwa sa yo ak libète sa yo menm jan, pou yo kab respekte angajman sa a byen.
Asanble Jeneral Nasyonzini: pwoklame Deklarasyon inivèsèl dwa moun sa a, kòm pi gwo rèv tout pèp ak tout nasyon sou latè dwe chèche reyalize. Pou tout moun ak tout enstitisyon ki anndan sosyete a kenbe Deklarasyon sa a nan tèt yo toutan, pou yo travay ak ansèyman ansanm ak edikasyon pou fè respekte dwa ak libète moun nan pran bon jan dispozisyon nasyonal ak entènasyonal firamezi, pou yo rekonèt dispozisyon sa yo tout kote sou latè epi pou yo sèvi ak yo, nan mitan popilasyon peyi ki manm Nasyonzini yo, ak nan teritwa ki sou kont yo.
Atik 1 Tout moun fèt lib, e yo egal ego nan diyite ak nan dwa .Yo gen kapasite pou yo reflechi, pou yo pran konsyans, epitou yo dwe viv youn ak lòt tankou frè ak sè.
Atik 2 1. Chak moun sou tè a kab jwi dwa ak libète Deklarasyon inivèsèl dwa moun nan ba li, san okenn diferans, tankou diferans ras, koulè po, diferans fanm ak gason, diferans lang, relijyon, opinyon politik oubyen tout lòt opinyon, tankou peyi li soti oubyen klas sosyal li, richès li, kondisyon paran li te fè li oubyen tout lòt sitiyasyon ki sanble ak sa. 2. Anplis, yo pa dwe mete diferans ki chita sou sitiyasyon politik peyi li, oubyen sou sitiyasyon peyi a nan domèn lalwa oubyen ankò sou sitiyasyon entènasyonal peyi li oubyen sou teritwa li soti, menm lè peyi sa a oubyen teritwa sa a granmoun tèt li oubyen li sou kont yon lòt peyi, lè li pa kab pran desizyon pou tèt pa li, oubyen kèk regleman limite pouvwa nasyon an genyen pou li deside sa l vle.
Atik 3
Tout moun gen dwa pou yo viv , pou yo gen libète, pou yo jwenn pwoteksyon.
Atik 4 Yo pa gen dwa mete pèsonn moun nan esklavaj oubyen fòse l fè yon travay ak vyolans; lalwa entèdi esklavaj ak afè vann moun nan, nenpòt jan sa ta fèt.
Atik 5 Yo pa gen dwa kraze zo pèsonn moun, ni ba li pinisyon ak move tretman san pitye, ki mete l nan kondisyon bèt, oubyen ki avili li.
Atik 6 Chak moun gen dwa pou yo rekonèt li tankou moun devan lalwa tout kote sou latè.
Atik 7 Tout moun egal ego devan lalwa epitou lalwa dwe pwoteje yo tout san paspouki. Tout moun fèt pou yo jwenn menm kalite pwoteksyon kont diskriminasyon ki pa respekte sa ki nan deklarasyon sa a, ak tout lòt konpòtman ki kab lakòz gen diskriminasyon.
Atik 8 Tout moun gen dwa jwenn bon jan konkou nan tribinal konpetan kote l ap viv la kont zak ki vyole dwa fondamantal li , dwa konstitisyon an oubyen lalwa rekonèt.
Atik 9 Yo pa gen dwa pou yo arete pèsonn moun oubyen pou yo mete li nan prizon oubyen pou yo egzile li yon fason gwo ponyèt.
Atik 10 Tout moun gen dwa egal ego pou yon tribinal tande kòz li an piblik yon fason klè, san paspouki, nan chèche konnen dwa moun nan ak devwa li genyen osnon nan chèche konnen si akizasyon yo fè kont li pou yon fot se yon akizasyon ki jis.
Atik 11 1. Tout moun yo akize pou yon move zak, sipoze inosan jiskaske lajistis tande l nan yonpiblik epi yo rekonèt li koupab toutbon, kote lalwa te ba li tout garanti ki nesesè pou li defann tèt li. 2. Yo pa kab kondane yon moun pou yon zak osnon yon obligasyon li pa respekte, si lè li te fè zak la pa t gen lwa nasyonal oubyen lwa entènasyonal ki te di moun sa a aji byen osnon mal. Menm jan an tou, yo pa kapab ba li okenn pinisyon ki pi di pase pinisyon lalwa te egzije pou yo ba li nan moman li te komèt zak la.
Atik 12 Pèsonn moun pa gen dwa fouye nan lavi prive okenn lòt moun jan yo vle, nan afè fanmi l, ni nan sa ki ap pase anndan lakay li, ni fè bagay ki kab fè li pèdi onè li ak repitasyon li. Lalwa dwe pwoteje tout moun kont zak sa yo.
Atik 13 1. Tout moun gen dwa sikile lib epi li kab chwazi nenpòt kote nan yon peyi pou li abite. 2. Tout moun gen dwa kite nenpòt ki peyi, menm si se pwòp peyi pa li, epitou li kab retounen lè li vle.
Atik 14 1. Lè yon moun anba pèsekisyon, li gen dwa al chache pwoteksyon epi li dwe jwenn pwoteksyon nan lòt peyi. 2. Yon moun pa kab sèvi ak dwa sa a lè lapolis ap chèche li pou yon krim lalwa kondane oubyen pou kèk move ajisman ki diferan ak prensip Nasyonzini ansanm ak kote l vle rive.
Atik15 1. Tout moun gen dwa gen nasyonalite. 2. Yo pa gen dwe retire nasyonalite pèsonn moun yon fason gwo ponyèt, ni tou yo pa gen dwa retire dwa li genyen pou li chanje nasyonalite li.
Atik 16 1. Lè yon fanm oubyen yon gason majè, yo gen dwa pou yo marye, pou yo fòme fanmi yo, san okenn kondisyon ki chita sou koulè po, sou nasyonalite, oubyen sou relijyon. Yo gen dwa egal ego nan kesyon maryaj, pandan maryaj la epi lè maryaj la kraze. 2. De moun kab marye sèlman lè yo toulede bay konsantman yo pou sa fèt. 3. Fanmi se eleman natirèl ki fòme baz sosyete a, li gen dwa jwenn pwoteksyon sosyete a ak pwoteksyon Leta.
Atik 17 1. Tout moun gen dwa gen byen pou kont li oubyen ansanm avèk lòt moun. 2.Yo pa gen dwa pran byen yon moun yon fason gwo ponyèt.
Atik 18 Tout moun gen dwa pou li panse lib , pou li gen pwòp konviksyon li, pou li ale nan relijyon lide li di li. Li gen dwa chanje relijyon l tou oubyen konviksyon l, menm jan an tou, li gen dwa pou li montre kwayans li lib nan fè seremoni, oubyen lòt kalite sèvis, swa pou kont li swa ansanm ak lòt moun, an piblik oubyen anndan lakay li.
Atik 19 Tout moun gen dwa pou li panse, pou li pale jan li vle, sa vle di yo pa gen dwa ba li pwoblèm pou jan li panse, pou opinyon li. Li gen dwa pou li chèche enfòmasyon alawonnbadè, pou li resevwa enfòmasyon epi pou li gaye yo ansanm ak tout lòt kalite lide tou.
Atik 20 1. Tout moun lib pou li patisipe nan reyinyon epi pou li fè asosiyasyon nan lapè. 2. Yo pa kab fòse pèsonn moun pou li vin manm yon asosiyasyon.
Atik 21 1. Tout moun gen dwa patisipe nan direksyon afè piblik peyi li, li kab patisipe limenm oubyen li kab patisipe lè li chwazi reprezantan li yo lib. 2. Tout moun gen menm dwa pou li okipe yon fonksyon piblik nan peyi li. 3.Volonte yon pèp se baz otorite pouvwa piblik la; volonte sa a dwe parèt klè nan eleksyon onèt ki dwe fèt yon fason regilye, kote tout moun ap patisipe egal ego, ak vòt an sekrè osnon ak yon metòd ki sanble l, kote moun sèten vòt la ap fèt lib.
Atik 22 Tout moun gen dwa gen sekirite sosyal, paske li se manm sosyete a ; yo kreye èd sa a pou ede l jwi dwa ekonomik li, dwa sosyal li ak dwa kiltirèl li ; dwa sa yo nesesè anpil pou li jwenn diyite l, pou l develope pèsonalite l, gras a jefò nasyonal ak koperasyon entènasyonal dapre òganizasyon ak richès chak peyi.
Atik 23 1.Tout moun gen dwa pou li travay, li gen dwa fè pwòp chwa travay li lib, nan kondisyon ki bon, ki jis, epitou li dwe jwenn pwoteksyon kont chomaj. 2. Yo dwe peye tout moun menm lajan pou yon travay ki menm, san paspouki. 3. Tout moun ki ap travay dwe touche lajan ki jis, ki ap ede limenm ak fanmi li viv nan diyite tankou moun, epi si sa nesesè yo dwe ba li lòt kalite pwoteksyon sosyal. 4. Tout moun gen dwa fòme sendika ansanm avèk lòt moun epi li gen dwa rantre nan sendika pou defann enterè li.
Atik 24 Tout moun gen dwa gen repo nan travay li epi li gen dwa detann li, dwe gen yon limit nan lè pou travay la dire ki rezonab, li gen dwa jwenn konje lè sa nesesè.
Atik 25 1. Tout moun gen dwa jwenn yon nivo lavi dekwa pou li rete an sante, pou li viv alèz ansanm ak fanmi li, prensipalman nan kesyon manje, rad, kay, swen doktè ak lòt sèvis sosyal nesesè. Tout moun gen dwa jwenn sekirite lè gen chomaj, maladi, paralizi, lè mari osnon madanm mouri, nan vyeyès osnon nan tout lòt kalite sikonstans kote yon moun ta pèdi mwayen li genyen pou li viv, kote se pa te volonte li pou sa te rive. 2. Lè fanm fè pitit ak lè timoun piti, yo gen dwa pou yo jwenn swen ak èd espesyal. Tout timoun, kit yo fèt nan maryaj osnon kit se timoun deyo, dwe gen pwoteksyon sosyal egal ego.
Atik 26 1. Tout moun gen dwa pou yo jwenn edikasyon. Edikasyon dwe fèt gratis, omwen pou ansèyman elemantè ak fondamantal. Ansèyman elemantè a obligatwa. Ansèyman teknik ak pwofesyonèl dwe la pou tout moun, etid inivèsitè dwe ouvè pou tout moun egal ego, dapre fason moun nan merite sa. 2. Edikasyon dwe chèche fè pèsonalite moun devlope plis epi li dwe chèche fè gen plis respè dwa moun ak libète fondamantal yo. Li dwe ankouraje konpreyansyon, tolerans ak zanmitay ant nasyon yo, gwoup ras moun osnon gwoup relijyon epi li dwe ankouraje devlopman aktivite Nasyonzini pou kenbe lapè. 3. Paran yo gen dwa pou yo chwazi ki kalite edikasyon pou yo bay pitit yo anvan tout lòt moun.
Atik 27 1.Tout moun gen dwa patisipe lib nan aktivite kiltirèl kominote a, li gen dwa pou l pwofite nan vi atistik epi pou l patisipe nan pwogrè lasyans ak avantaj ki soti nan pwogrè sa a. 2.Tout moun gen dwa jwenn pwoteksyon enterè li genyen pou sa li te pwodui nan domèn lasyans, literati ak domèn atistik kont lòt moun ki ta vle sèvi ak yo gratis.
Atik 28 Tout moun gen dwa pou li jwenn yon lòd, sou plan sosyal ak sou plan entènasyonal kote y ap aplike dwa ak libète ki ekri nan Deklarasyon sa a toutbon.
Atik 29 1. Chak moun gen devwa nan kominote li, ki se sèl kote li kab devlope pèsonalite li lib toutbon vre. 2. Lè yon moun ap sèvi ak dwa li epi lè li ap pwofite libète li, li dwe soumèt li sèlman anba limit lalwa tabli , pou yo kab rekonèt sèten dwa ak libète lòt moun epi pou yo respekte dwa sa yo, epitou pou yo kab satisfè egzijans regleman sosyete a, lòd piblik, ak santiman pou tout moun viv alèz nan yon sosyete demokratik. 3. Nan okenn sikonstans, yo pa kab sèvi ak dwa sa yo ansanm ak libète sa yo lòt jan ki depaman ak rezilta prensip Nasyonzini ap chèche.
Atik 30 Yo pa kab konsidere okenn dispozisyon ki nan Deklarasyon sa a kòm yon dwa kèlkonk yon leta osnon yon gwoupman oubyen yon moun genyen pou li tanmen aktivite osnon pou li komèt zak ki ap chèche detwi dwa ak libète ki ekri nan deklarasyon an. |
|
![]() |