Pòtoprens, 22 janvye 1998
Kominike pou laprès
Misyon sivil entènasyonal ann Ayiti OEA/ONU boulvèse anpil, lè l tande yon
sitwayen ayisyen, Mesye Nikola Dievit, deklare militè pakistanè te fè agresyon seksyèl
sou li. Deklarasyon sa a grav epi li twouble moun.
Kòm se yon deklarasyon ki grav anpil, Reprezantan Sekretè jeneral Nasyonzini
ann Ayiti bay lòd pou yo fè yon ankèt sou sa. Misyon sivil la ap suiv ankèt sa a k ap
fèt pou detèmine ki sa ki te pase toutbon vre. Si se ta vre yon vye zak kon sa te rive fèt,
otorite peyi Pakistan ap gen kòm devwa pou yo pini moun ki koupab yo.
(Ref: CP98/01)