Pòtoprens, 3 jen 1997
Kominike pou laprès
Travay MICIVIH ap fè nan prizon yo
Misyon sivil entènasyonal ann Ayiti a OEA/ONU (MICIVIH) vle fè konnen aktivite l ap mennen nan
kad travay li ak enstitisyon penitansyè ki nan nèf depatman peyi d Ayiti. Anplis bon jan apui Misyon
sivil la bay refòm penitansyè a, travay prensipal li se pran enfòmasyon sou kondisyon yo kenbe moun
nan prizon yo epi verifye sitiyasyon moun sa yo sou plan legal ak administratif.
Misyon sivil la tèlman pran keksyon sekirite jiridik moun yo kenbe nan prizon oserye, li fè yon gwo
travay, ak kolaborasyon PNUD, pou vin gen dosye apa pou chak prizonye ak rejis pou anrejistre yo.
Si yo byen sèvi ak zouti sa yo, y ap pèmèt moun rekonèt sitiyasyon tout prizonye rapid, sou plan legal
ak administratif. Misyon sivil la patisipe nan fòmasyon san rete pou grefye yo, gras a biwo rejyonal
li yo, epi li suiv travay ajan ki anchaje afè grèf nan prizon. Li ede yo kenbe rejis yo, ki gen tout
enfòmasyon ki nesesè pou sekirite jiridik prizonye yo (dat moun nan al nan prizon, dat yo arete l, pou
ki rezon yo kenbe l nan prizon,...). Obsèvatè yo ap veye tou pou kantite dosye ki nan prizon an menm
valè ak kantite moun ki fèmen, epi yo vle sèten dosye chak prizonye gen pyès jiridik ki konsène l.
Pou kounye a, afè kenbe yon moun nan prizon nèt ale, san yo pa jije l, se yon pwoblèm ki toupatou
epi ki fè prizon yo vin gen twòp moun anndan yo. Pou MICIVIH ka ede reskonsab yo jwenn yon
solisyon, li fè demach nan enstitisyon lajistis yo pou yo ka ale pi vit, lè gen dosye pou yo etidye epi
ki la depi yon bon tan. MICIVIH atire atansyon jij yo sou obligasyon yo genyen pou yo vizite prizon
yo epi li remèt yo lis ki gen non moun yo arete k ap tann jijman yo depi yon bon bout tan. Inisyativ
sa yo, se pa pou fè yo lage prizonye yo, jan kèk moun te vle fè konprann sa tou dènyeman, men se
pou chache ede sistèm lajistis la respekte dèle regleman lalwa mete nan keksyon penal, keksyon
dwa. Kon sa, yo p ap kontinye bliye oswa neglije yon pakèt dosye ki la depi twò lontan.
Tan yon moun fè nan prizon, annatandan yo jije l, pa gen menm valè avèk tan kondanasyon prizon,
tribinal la deside pou moun sa a. Nan menm sans lan, anplis nesesite pou sistèm lajistis la mache chak
jou pi kòrèk, sa enpòtan anpil ni pou moun yo arete ni pou moun ki viktim zak kriminèl pou yo
respekte dwa pou yon jijman san patipri fèt. Sa ap pèmèt yo kondane vrè moun ki koupab, yo lage
moun ki inosan. MICIVIH konstate anpil fwa, lè yo lage prizonye, se pa paske yo fin pase tan lajistis
te kondane yo pou yo pase, men yo lage yo lè yon jij pase lòd ba yo yon libète pwovizwa ki tou
tounen yon libète pou toutan, paske, an jeneral, yo pa janm retounen sou koze kon sa ankò. Jan de
abitid sa yo montre ki jan sistèm lajistis la ap fonksyone mal e sa grav, epi sa fè moun ki merite pini
kontinye rete san pinisyon.
Chache verifye nan ki kondisyon yo kenbe prizonye se youn nan aktivite prensipal Misyon sivil la, tou.
Gen anpil konsèy yo bay sou fason pou yo mete pi bon ekipman nan prizon yo ak fason pou moun
ki nan prizon jwenn pi bon kondisyon sitou nan keksyon lijyèn, jwenn manje, jwenn dlo pou yo sèvi,
jwenn swen medikal, separe gason ak fi, granmoun ak timoun, moun ki poko jije ak moun ki deja
kondane. Nan kèk vil, Misyon an pèmèt yon antant fèt fasil ant prizon yo ak lopital zòn nan, dekwa
pou prizonye ki malad ka jwenn swen medikal. Gen reyinyon ki fèt ant ajan polis , gadyen APENA
ak jij nan plizyè vil, e se MICIVIH ki te gen lide sa a. Sa fèt pou ka gen bon jan kòdinasyon wòl chak
moun nan sa ki konsènen jan yo dwe sèvi ak moun yo arete oubyen jan y ap deplase yo.
Lè gen kèk bagay moun konstate ki pa respekte regleman ki la pou montre ki jan yo dwe sèvi ak
prizonye, Misyon sivil la mete otorite reskonsab yo okouran pou yo ka korije sa ki pa dwat. Kon sa,
gen demach ki fèt bò kote APENA, lè gen rapò sou kèk ka move tretman, pou APENA ka mennen
ankèt anndan prizon an epi pou li ka bay sanksyon ki merite bay. Sa y ap chache, se evite pou moun
pa kontinye pase dwa moun anba pye. MICIVIH sansibilize APENA, sitou sou keksyon reskonsabilite
penal ak reskonsabilite administratif gad prizon yo. Gen kèk lòt konsèy li bay plizyè fwa sou regleman
entèn prizon yo dwe genyen ansanm ak yon enspeksyon sèvis penitansyè yo, yo ta dwe mete sou pye.
Sa t ap ede yo fè moun oblije respekte disiplin règ konduit afè prizon mande, epi fè administrasyon
prizon yo vin anfòm nèt.
Depi lè APENA pran kesksyon administrasyon prizon yo an men, gen pwogrè ki fèt nan sa ki konsènen kondisyon moun ki nan prizon epi fason yo sèvi ak prizonye yo vin pi bon. Ka move tretman vin ra, yo pa jwenn sa anpil kote epi se pa menm bagay ditou ak abi militè te konn fè prizonye pandan peryòd koudeta a. Ansanm ak lòt obsèvatè kominote entènasyonal la, MICIVIH ap kontinye apiye APENA nan efò l ap fè pou l kore pwogrè ki deja fèt nan keksyon pwoteje dwa moun ki nan prizon.
(Ref. KP/97/08)